Yon responsab wo plase polis nasyonal Ayiti salye nouvo kontenjan 217 polisye Kenyan ki rive Ayiti pandan wikenn nan pou pote kole ak jefo pou konbat zak vyolans gang yo.
Pwofesè Ayisyen yo mete fen nan grèv yo te lanse pou mande leta peye yo lajan li dwe yo depi kèk mwa.
Prezidan ameriken an, Donald Trump, siyen yon dekrè lendi 20 janvye a ki bay lòd pou administrasyon n nan pa fè respekte, pandan 75 jou, lwa ki entèdi rezo sosyal TikTok fonksyone sou tèritwa ameriken an.
Gouvènman an anonse li jwenn yon akò ak sendika pwofesè yo pou mete fen nan grèv pwofesè lekòl leta yo.
Kanaval nasyonal Ayiti a ap fèt ane saa nan vil Fò Libète, selon sa ministè Kilti ak Kominikasyon pataje sou paj Facebook li, samdi 18 janvye 2025 la.
Otorite zile Turk & Caicos anonse, ayè dimanch la, yo arete prèske 150 migran ayisyen san papye ki t ap tante antre sou teritwa yo, e y ap prepare pou voye gwoup Ayisyen sa yo tounen nan peyi yo.
Plizyè sitwayen ameriken te debake Washington DC nan Kad envestiti Prezidan Donald Trump Yo Te pale nan Mikwo VOA Kreyòl.
Plizyè bandi ki fè pati gang gran grif ak chèf gang Andris Altidor, Alyas Ti rat, tonbe, pandan weekend pase a, nan boukantay kout zam ak lapolis. Se sèvis kominikasyon Lapolis Nasyonal Ayiti ki anonse nouvèl la.
Atis Ayisyen Top Adlerman bay fanatik li yo kè kontan lè li vwayaje Paris pou yon gwo spektak. Nan yon entèvyou esklisiv ak VOA Kreyol, misye di li regrèt li te janm fè mizik ak Misty Jean.
La repibkik dominikèn voye tounen an Ayiti plis pas 200.000 migran ayisyen pami 154.000 gason ak 43.000 fanm,,selon platfòm GARR.
Load more