Vil Okap nan no peyi d Ayiti benefisye yon nouvo pano byenvini gras ak yon don Fondasyon Joel Lorquet a.
Mèkredi 15 Janvye 2025 la,kou dapèl Pòtoprens pral tande dosye ki gen rapò ak enkilpasyon 3 konseye-prezidan, nan skandal kòripsyon bank nasyonal kredi ( BNC)
Gen plis pase 700,000 moun ki oblije kouri kite kay yo akoz zak vyolans gang ame yo nan Potoprens. Moun sa yo ap viv nan lari oubyen nan abri kounyea, dapre otorite yo.
Leader pati EDE an, Claude Joseph bay eksplikasyon sou prezans Viv-Ansam nan dokiman redresman KPT an ki deja al jwen Karicom kap jwe wòl mitan jwèt nan bouske solisyon pou rezoud kriz politik la.
Nan yon entèvyou prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon Ayiti a (KPT), Leslie Voltaire, te bay Magik9 (100.9) dimanch 12 janvye 2025 la, li fè konnen « gang yo pa ka fè pati solisyon an ».
Pandan 3 jou, Konbit 100-pou-100 te fòme jounalis kap evolye nan milye ostil nan peyi d Ayiti.
Otorite-yo òganize yon seremoni pou onore memwa viktim tranblemann-tè 12 janvye 2010 .
Komerasyon Endepandans Ayiti nan Chicago nan sware Samdi 11 Janvye pou selebre endepandans Ayiti pandan yo t ap rann omaj ak konpatriyot Ayisyen yo ki te mouri nan tranblemanntè ki te pase 12 janvye 2010 a.
15 zan apre tranblemanntè 12 Janvye 2010 la, Nirva Saint Louis, ki pèdi yon janm nan dezas la di pwojè li retade, men sa pa anpeche l pouse pou pi devan pou atenn sa l te vle akonpli.
Dyaspora Ayisyen eta Kawolinn di No toujou sonje twoma jou 12 Janvye 2010 la nan moman y ap komemore 15em anivèsè goudougoudou a.
Gwoup aktivis Ayisyen KOMOKODA plante pikèt li devan katye jeneral fondasyon Clinton nan nan nouyok a l okazyon 15èm anivèsè tranblemanntè 12 Janvye 2010 la. KOMOKODA mande sak pase lajan yo te ranmase pou rekonstwi Ayiti.
Ansyen dirèkris SMCRS la, Magalie Habitant, anba kòd, depi jedi 9 janvye 2024, apre lapolis te arete li menm ak tout chofè l, nan Petyonvil.
Load more