Dyaspora Ayisyen kap viv nan Brooklyn, Nouyok eksprime swè yo pou peyi d Ayiti nan ane 2025 la. Yo te pale nan mikwo Glorieuse Nelson.
Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayiti a (KEP) pwopoze pou oganize yon referandòm konstitisyonèl nan mwad Me 2025 la.
Madan Marie Lindor Natoux, madanm viktim atak gang ame 24 Desanm lan, Marckendy Natoux, di VOA plan pou fineray mari li fèt dèyè do l. Li pa kontan ditou.
Guatemala voye yon gwoup 150 polisye militè an Ayiti pou pote kole ak Fòs Miltinasyonal Kenya ap dirije a ki gen kòm misyon pou kwape gang ame yo.
Lide pati opozisyon Ayisyen ki rele Pitit Dessalines nan, Moise Jean Charles akize Konsey Prezidansyel Tranzisyon an deske li pa gen volonte pou rezoud pwoblem kap trakase Ayiti.
"Ane 2025 lan p ap fasil pou gang yo": sa se deklarasyon kòmandan Misyon miltinasyonal la, Godfrey Otunge, pandan weekend ki sot pase la.
75 militè ki soti Gwatemala ak 8 ki soti Salvadò te debake Pòtoprens nan avyon militè, jou ki te vandredi 3 janvye 2025 lan, E yon dezyèm gwoup ki te 77 ofisye ki soti nan peyi Gwatemala te rive samdi 4 janvye 2025 lan.
Aprè bandi gang Dinozò yo te fin boule yon blennde PNH la ki te pran pán nan lokalite Savyen, Polis nasyonal la voye deplwaye lòt polisye ak 2 nouvo blennde pou ranfòse tèt li nan Ti Rivyè Latibonit.
Atis ayisyen an Kenny Haiti jwenn nominasyon l nan Trace Awards 2025. Chantè a ki nomine nan kategori « Best artist diaspora in the Caribbean » bezwen vòt pou li ka ranpòte kategori sila a ki gen yon atis ladan tankou Shenseea.
Senkyèm edisyon "Konbit Soup Joumou", yon evènman ki onore libète ak batay zansèt Ayisyen yo selebre ane sa nan Palè Sans Souci nan Milot.
Lapolis Nasyonal Ayiti anonse yo repouse atak gwoup gang Kraze baryè ki t ap tante antre nan laboul pou vin "simaye latwoublay" mèkredi premye janvye 2025 lan.
Load more