Roody Roodboy di sitiyasyon peyi a enkyetan, li te pale konsa pandan konsè li Kanada
Otorite ayewopò entènasyonal vil Kapayisyen an kòmanse travay pou ranfòse pis aterisaj la ak estriti bilding ke move tan afekte. Gerard Maxineau
Konsomasyon soup joumou depi plis pase 2syèk nan okazyon fèt 1 Janvye chak ane sanble se yon tradisyon ki sou wout pou l disparèt.
Gouvènman òganize yon jounen solidarite ak moun k ap viv nan kan deplase yo nan okazyon fèt fen ane yo.
Chèf prezime gang Faro Markenson, AKA Kòmandan Tirad pran bwa kale nan Wanament apre lapolis dominiken te arete l e remèt li bay otorite an Ayiti yo.
Gwoup mizikal Carimi make listwa nań jou ki 27 desanm 2024 lan. Mizisyen yo t reyini pou yon dezyèm fwa depi yo separe an. Yo rive rasanble plis pase 19 mil Moun nan UBS Arena nan Long Island Nouyok. Ayisyen tout kote t deplase vin selebre gwoup lan ak mizik Ayisyèn nan.
Moun k ap viv nan kan deplase yo fè konnen pa gen fèt pou yo,e yo espere Leta ap pran responsabilite yo pou yo ka retounen lakay yo pou 2025 lan.
Yon pwotokol akò gouvènman siyen ak Madan Sara yo
Gouvènman Ayisyen an mete kanpe yon komisyon swivi ki pou pran ka viktim ak fanmi viktim kanaj 24 Desanm 2024 la ki pote ale lavi 2 jounalis ak yon polisye e ki kite tou plizyè blese,,,,,yon repòtaj depi Pòtoprens
Plizyè prezime bandi ki fè pati gang Gran grif la tonbe nan twoke kout zam ak lapolis pandan weekend nan. Se sèvis kominikasyon Polis Nasyonal Ayiti la ki konfime nouvèl la.
Defansè dwa moun nan Me Renand Hédouville mande reparasyon psikolojik ak ekonomik pou viktim atak Lopitaj Jeneral yo ak Whaf jeremi.
Fòmasyon mizikal Klass ap komanse yon toune an Ayiti samdi 28 Desanb sa a aprè plis pase 5 ane depi yo pa rantre nan peyi a .
Load more