Anviwon 2 jou apre atak gwoup nèg ak zam sou katye Pòsmachan, plizyè dizèn abitan nan katye sa mare pakèt yo jodi madi 17 desanm lan pou kite zòn sa, ki vin tounen yon chann batay ant lapolis ak gang yo.
Lapolis Nasyonal Ayiti lanse yon "seri operasyon san kanpe" toupatou nan peyi a nan lide pou kraze fwaye gang yo: se konsa pòt pawòl adjwen lapolis la ouvè ayè lendi a, konferans sou bilan entèvansyon fòs lòd yo nan peyi a.
Nan lannwit dimanch 15 desanm pou rive lendi 16 desanm 2024 la, yon gwoup jèn ak zam te deside atake lopital Bernard Mevs ki chita kò l nan Vilaj Solidarite, sou wout ayopò a, nan Pòtoprens.
Plizyè atis nan endistri mizikal Ayisyèn nan, HMI eksprime kè sote yo genyen pou sityasyon Ayiti ak chagren yo dèske yo paka vwayaje lakay pou pèfome pou fanatik yo.
Odyans Mèsenè kolonbyen yo ki ta swadizan enplike nan asasina prezidan ayisyen an Jovenel Moise, pa rive fèt jan sa te prevwa jodi lendi 16 desanm 2024 la.
KEP a o konplè pou kounyea. 2 nouvo manm restan yo prete sèman e enstale nan pòs yo week-end ki sot pase la. Seremoni an dewoule an prezans Leslie Voltaire ak PM Alix Didier Fils-Aimé san konte manb nan gouvènman.
Ensekirite: Etazini, nan vwa anbasadè-l nan Pòtoprens eksprime kè sote l - pou zak vyolans ak gang ame ki kontinye ap simen laterè.
Fanm andikape Sid yo sot make 16 jou aktivite militan dwamoun nan vil Okay
Nèg ame kontinye ap opere nan alantou kapital la Pòtoprens malgre anons gouvènman fè pou di l ap mete men sou yo pou trennen yo devan Lajistis.
Nan Depatman Nò peyi-a , genyen mòn Gran Jil ki reprezante yon gwo defi nan zòn nan pou chofè yo.
Gouvènman ayisyen an anonse li pral mennen yon operasyon sere boulon kont tout moun ki ta enplike nan asasina plis pase 200 moun nan zòn site Solèy.
Load more