Plizyè atis nan endistri mizikal Ayisyèn nan, HMI eksprime kè sote yo genyen pou sityasyon Ayiti ak chagren yo dèske yo paka vwayaje lakay pou pèfome pou fanatik yo.
Odyans Mèsenè kolonbyen yo ki ta swadizan enplike nan asasina prezidan ayisyen an Jovenel Moise, pa rive fèt jan sa te prevwa jodi lendi 16 desanm 2024 la.
KEP a o konplè pou kounyea. 2 nouvo manm restan yo prete sèman e enstale nan pòs yo week-end ki sot pase la. Seremoni an dewoule an prezans Leslie Voltaire ak PM Alix Didier Fils-Aimé san konte manb nan gouvènman.
Ensekirite: Etazini, nan vwa anbasadè-l nan Pòtoprens eksprime kè sote l - pou zak vyolans ak gang ame ki kontinye ap simen laterè.
Fanm andikape Sid yo sot make 16 jou aktivite militan dwamoun nan vil Okay
Nèg ame kontinye ap opere nan alantou kapital la Pòtoprens malgre anons gouvènman fè pou di l ap mete men sou yo pou trennen yo devan Lajistis.
Nan Depatman Nò peyi-a , genyen mòn Gran Jil ki reprezante yon gwo defi nan zòn nan pou chofè yo.
Gouvènman ayisyen an anonse li pral mennen yon operasyon sere boulon kont tout moun ki ta enplike nan asasina plis pase 200 moun nan zòn site Solèy.
Yon bato ki t ap soti Pòtoprens pou ale Miragwàn fè nofraj samdi 14 desanm lan nan zòn Ti gwav.
Kendy alyas Jeff Mafia, tonbe ayè dimanch lan nan boukantay kout zam ak lapolis anba Dèlma, selon pòt pawòl adjwen lapolis la, Lionel Lazarre.
Lapolis Nasyonal Ayiti mete anba kòd, semèn ki sot pase la, yon pastè legliz "sur le Rocher", pou enplikasyon l nan trafik zam ak katouch.
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) onore jedi a 18 desanm nan 8Loreya egzamen ofisyèl pou ane akademik 2023-2024 la.
Load more