Vag vyolans yo nan peyi a fòse meri Petyonvil mande pawas Notre-Dame immaculé Conception pou pa òganize okenn mouvman relijye ki rasanble foul moun.
Nèg ak zam ki fè pati gang Gran grif, touye pou piti 3 moun, blese plizyè lòt, nan yon atake, ayè mèkredi a, sou lokalite Savàn Boule ki twouve li nan depatman Latibonit.
Natcom AP bay 1 milyon goud chak semèn ak kliyan li yo sòti 1 sept pou bout tout mwa desanm nan nan kad yon pwomosyon ki batize " ou se milyonè" .
Lapolis Nasyonal nan vil Kap Ayisyen rasire piblik la apre bwi te kouri sou rezo sosyal yo pou di kom kwa gang ame tap pare yon atak kont vil la.
Anpil Ti Machann oblije kouri kite Mache Salomon akoz move zak gang ame yo. Yo plenyen dèske Leta pa fè ase pou ede yo pandan yap eseye brase pou jwenn ase lajan pou viv.
Sèvis meteyo Ayiti anonse gwo lapli ak loray sou plizyè depatman peyi a, sitou rejyon sid lan.
Dor Mirlande, se non yon abitan nan vil Jakmèl lapolis mete anba kòd lendi 25 novanm lan pou enplikasyon l nan kidnapping li fè sou pwòp tèt pa l.
"Nap mal viv nan peyi nou epi nou jwenn yon bato nou lage ko nou nan bato a," yon migran Ayisyen ke Jamayik depote di VOA. Otorite Jamayiken yo di moun sa yo te rive sou zile a nan bato, san okenn pemisyon legal. Pi fo migran yo se moun Depatman Grand Anse.
PANAMA CITY/PÒTOPRENS 26 novanm (Reuters) - Vòl evakyasyon Nasyonzini yo pral ateri nan Panama City semenn sa a, pandan òganizasyon entènasyonal la ap retire anplwaye li yo nan Ayiti akoz yon ogmantasyon vyolans gang ame ki ap pran plis kontwòl sou kapital la, Pòtoprens.
Dany Laferrière twouve l pami 5 nan ekriven Postes Canada chwazi onore jou k ap mèkredi 27 novanm 2024 la nan lansman ofisyèl Salon du livre de Montréal. Nouvo tenb sa yo ap tou devwale demen nan seremoni sila a k ap fèt nan Palais des congrès.
Chantè Jean Jean Roosevelt ak gwoup li pwograme pou yon konsè nan Centre Leonardo Da Vinci nan Monreyal, vandredi 29 novanm 2024 la.
Ayisyen reyaji ak endiyasyon apre kòmantè prezidan fransè Emmanuel Macron te fè kote li di dirijan Ayisyen yon ki revoke AnsyenPM Conille yo "sòt".
Load more