Jij Jean Wilner Morin enstale Jedi (21 Nov) nouvo pwotekte sitwayen. Li ranplase Renan Hedouville ki te gen yon manda 7 an ki rive nan bout li.
Nan Reyinyon Konsèy Sekirite Nasyon Zini fè sou sitiyasyon ann Ayiti Yè Mèkredi 20 Novanm nan, Larisi ak Lachin kanpe ankwa ak lide pou ta transfòme fòs miltinasyonal Kenya ap dirije ann Ayiti a kòm yon fòs misyon mentyen lapè Nasyonzini.
Jounalis VOA Kreyol nan Potoprens, Renan Toussaint pale ak 2 om politik ki di yo opoze lide pou transfome Misyon Sipo Sekirite LONU an nan yon Fos Mentyen Lape.
Sunrise Airways rekomanse vòl ant Kap Ayisyen ak Miami, 8 jou apre sanksyon FAA yo.
Nan yon entevyou esklizif ak VOA Kreyol, Chèf Misyon Medsen Sans Fwontyè Christophe Garnier esplike rezon ki fè MSF fèmen pòt li nan Pòtoprens.
Dirijan Ayisyen yo ki revoke Garry Conille kòm premye minis "sòt", dapre prezidan fransè a Emmanuel Macron.
Konpayi avyon ayisyen Sunrise Airways rekòmanse vòl yo mèkredi 20 novanm 2024, vòl Kap Ayisyen - Miami, apeprè 8 jou apre FAA te sispann tanporèman vòl ameriken yo.
Gwoup Mizik Mizik fete 38 lane egzistans li 18 novanm 2024 la, daprè mayestwo Fabrice Rouzier.
Pou piti 150 moun pèdi lavi yo semèn pase a nan Pòtoprens akoz vyolans gang Ame yo, Dapre komisè Nazyonzini pou dwa moun nan, Volker Türk.
Aktivite yo paralize nan kapital la Pòtoprens akoz lese frape ant lapolis ak gang ame. Kèk responsab politik ankouraje popilasyon an defann tèt yo kont atak nèg ame yo ap fè sou yo
Manifestasyon dewoule nan yon vil tou pre vil Kapayisyen nan okazyon jounen entènasyonal dwa timoun. Gerard Maxineau
Load more