Mèt Renan Hedouville, responsab Ofis Pwoteksyon Sitwayen) denonse dekrè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pibliye ki revoke l nan tèt Ofis Pwoteksyon Sitwayen(OPC).
Nèg ame k ap boukante kout za m ak fòs de lòd fòse rezidan nan yon seri katye nan kapital al chache pwoteksyon lòt kote.
Legliz Mòmon mete pwogram Anglè sa sou pye gratis pou migran Ayisyen nan Springfield ki pa pale Anglè.
Konpayi ayeryen Sunrise anonse l ap rekòmanse ak vòl entènasyonal li yo sou Ayiti apati lendi 18 novanm 2024 la.
Yon van panik te soufle nan kèk zòn nan Pòtoprens jedi, kote plizyè santèn fanmi t ap eseye chape poul yo akoz vyolans gang yo ki te pran kontwòl yon katye estratejik nan kapital la, apre plizyè mwa atak, dapre sa yon jounalis AFP te temwen.
Plizyè inite espasyalize nan Polis la depwaye nan plizyè zòn nan peyi, tankou Taba, Vivi Mitchel, anba lavil elatriye, nan lide pou kwape gang yo nan Pòtoprens
Peyi Kanada rekonèt nominasyon nouvo Premye Minis Ayisyen an Alix Didier Fils-Aimé, nan yon pòs ki te pibliye sou kont X Politik etranjè Kanada @CanadaPE, jou ki te mèkredi 13 novanm 2024 la.
Oganizasyon Entenasyonal Migrasyon (OIM), fe konnen moun Pòtoprens kontinye ap kouri kite lakay yo akoz divès atak gwoup gang yo ap mennen toutpatou nan kapital la.
Moun nan Pòtoprens kontinye ap kouri kite lakay yo akoz divès atak gwoup gang yo ap mennen toutpatou nan kapital la.
Konpayi ayeryen Sunrise anonse li mete sou pye 2 vòl pa jou k ap konekte Okap ak peyi Turques and Caiques.
Nèg ak zam nan Pòtoprens touye Doktè Deborah Pierre, madi 12 novanm 2024, devan klinik li nan ri Cameau.
2 jou aprè Richard Morse manm fondatè RAM t anonse britsoukou gwoup la kraze, Lunise Morse ki se chantèz prensipal gwoup rasin sa a reyaji jou kite madi 12 novanm 2024 la.
Load more