Ayiti :Anpil timoun poko kapab reprann chimen lekòl yon mwa aprè rewouvèti ane akademik 2024-2025 lan.
VOA Kreyol pale ak sitwayen Ayisyen nan Potoprens sou viktwa Repibliken Donald Trump sot ranpote nan eleksyon prezidansyel Etazini. Yo pale tou sou enpak viktwa sa a genyen sou Ayiti.
Premye Minis Ayisyen Garry Conille reyaji sou viktwa Repibliken Donald Trump ranpote nan eleksyon prezidansyèl Etazini Madi 5 Novanm nan.
Peyi Etazini livre an Ayiti plizyè ekipman ak machin blende nan lide pou ede Polis Nasyonal Ayiti a ak misyon miltinasyonal nan batay y ap mennen kont gang yo.
Plis pase 12 mil moun kouri kite lakay yo nan Solino akoz plizyè atak gwoup nèg ak zam, selon yon dènye bilan Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) mete deyò.
Reyaksyon plizyè sitwayen ayisyen sou eleksyon Etazini an nan vil Atlanta nan Eta Georgia ki se yon eta kle nan prezidansyèl la.
Popilasyon nan zòn fò nasyonal mande leta pran responsabilité yo pou katye sila pa tonbe anba men bandi aprè yon atak bandi ak zam te fè samedi 2 novanm nan.
Direkte Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun Ayisyen an, Pierre Esperance di chire pit ki genyen ant Konsey Prezidansyel Tranzisyon an ak Primati a gen gwo enpak sou enskirite a nan peyi d Ayiti.
Prezidan KPT a, Leslie Voltaire, fek sot asiste rankont Nasyonzuni ou biodivesite nan vil Cali, Kolonbi. Apre li retounen Potoprens, li te bay kont randi vizit li.
Plis pase 300,000 timoun paka ale lekòl, akoz vyolans gwoup gang yo ki pran on otaj plizyè katye nan Pòtoprens.
Polis Nasyonal Ayiti, mennen yon bann operasyon gwo ponyèt nan baz gang kokorat sans ras, ki tabli kò l nan depatmam Latibonit lan.
Nan yon entevyou esklisiv ak VOA Kreyol nan Washington, manm Konsey Prezidansyel Tranzisyon an, Dr. Frinel Joseph pale de chire pit ki egziste ant KPT a ak Primati.
Load more