Aktivite yo paralize nan kapital la Pòtoprens akoz lese frape ant lapolis ak gang ame. Kèk responsab politik ankouraje popilasyon an defann tèt yo kont atak nèg ame yo ap fè sou yo
Manifestasyon dewoule nan yon vil tou pre vil Kapayisyen nan okazyon jounen entènasyonal dwa timoun. Gerard Maxineau
Move nouvèl pou fanatik Jazz yo an Ayiti: Akivite kiltirèl festival entènasyonal PAPJAZZ ki te gen pou fèt an janvye 2025 repòte akoz pwoblèm ensekirite a nan Pòtoprens.
Yon fwa medikal prezante bay piblik Ayisyen an divès pwodui medikal ki ka itil yo.
Lapolis ayisyen an anonse Madi li touye, ak sipò moun ki ap viv Pòtoprens, 28 manm gang ame, apre bandi sa yo te lanse yon ofansif nan kapital peyi Karayib sa a ki ap fè fas ak gwo dezòd.
Lapolis nan depatman Nò rive mete anba kòd, lendi 18 novanm lan, 4 sitwayen ki gen nasyonalite Baamenyen pou enplikasyon yo trafik dwòg.
Òganizasyon imanitè, Medsen San Fwontyè anonse li kanpe tout aktivite l yo nan Pòtoprens akoz vyolans lan ki deraye ak menas grav lapolis fè sou pèsonèl li yo.
Rate kabiran sou mache nasyonal la, pli presizeman, nan zòn metwopolitèn pòtoprens, akoz vyolans gang ame yo. Renan Toussaint, ap di nou plis, depi pòtoprens.
Group Kwasans chita ak sosyete sivil la, lòt antite ak laprès nan Sid peyi a pou analize fason responsab yo distribye bidjè 2024-2025 la. Jean Hernst Eliscar depi vil Okay
Omwen 20 prezime bandi pèdi lavi yo madi 19 novanm 2024 la pandan yo t ap tante pou pou anvayi komin Petion Ville.
Load more