Depatman Deta ameriken di Washington dipoze travay ak nouvo Premye Minis Ayisyen Alix Didier Fils-Aime
Pòtpawol Sekrete1 Jeneral Nasyon an Stephane Dujarric fe konnen , malgre sispansyon vol entènasyonal sou Ayiti, LONU bay garanti lap kontinye ak operasyon imanitè l yo.
Òganizasyon Medsen San Frontyè lage akizasyon sou Polis Nasyonal Ayiti kòmkwa polisye yo ta egzekite kèk pasyan-yo dapre yon nòt li mete sou paj Facebook li.
Òganizasyon Medsen San Frontyè lage akizasyon sou do Polis Nasyonal la kòmkwa li ta egzekite kèk pasyan ki tap resevwa swen, dapre yon nòt li mete sou paj Facebook li.
Lapli k ap tonbe sou vil Okay depi lendi lakoz inondasyon nan plizyè lokalite nan vil la, sitou sou Gran ri a, kote dlo antre nan lopital jeneral la.
Enstalasyon nouvo premye minis la dewoule nan mitan gwo tansyon nan kapital-la. Men ki jan sa-ye nan jodi-a.
Sekretè Jeneral Nasyonzini António Guterres te reaji a travè pòtpawòl li, Stéphane Dujarric, poul lanse yon apèl bay moun ki nan enterè ayiti pou yo travay ansanm pou fè avanse tranzisyon politik la.
24 an apre soti hit "Ocean" an, ke atis Guadeloupeen an, Thierry Cham chante, fanatik zouk yo te reviv an dirèk emosyon mizik sa, samedi 9 novanm lan nan lotèl Karibe kote Thierry Cham te depoze zouk atè.
Anviwon 24è apre enstalasyon Alix Didier Fils-Aimé kòm nouvo premye minis Ayiti, Garry Conille, ki te okipe pòs sa pandan 5 dènye mwa yo, jiskaske KPT a revoke l, di li pran nòt de nominasyon Alix Didier Fils-Aimé nan tèt primati a.
Desizyon pou chwazi yon nouvo premye minis pou dirije peyi a "mete an peril netralite tranzisyon an", selon avoka André Michel.
Load more