Gwoup mizikal Carimi make listwa nań jou ki 27 desanm 2024 lan. Mizisyen yo t reyini pou yon dezyèm fwa depi yo separe an. Yo rive rasanble plis pase 19 mil Moun nan UBS Arena nan Long Island Nouyok. Ayisyen tout kote t deplase vin selebre gwoup lan ak mizik Ayisyèn nan.
Moun k ap viv nan kan deplase yo fè konnen pa gen fèt pou yo,e yo espere Leta ap pran responsabilite yo pou yo ka retounen lakay yo pou 2025 lan.
Yon pwotokol akò gouvènman siyen ak Madan Sara yo
Gouvènman Ayisyen an mete kanpe yon komisyon swivi ki pou pran ka viktim ak fanmi viktim kanaj 24 Desanm 2024 la ki pote ale lavi 2 jounalis ak yon polisye e ki kite tou plizyè blese,,,,,yon repòtaj depi Pòtoprens
Plizyè prezime bandi ki fè pati gang Gran grif la tonbe nan twoke kout zam ak lapolis pandan weekend nan. Se sèvis kominikasyon Polis Nasyonal Ayiti la ki konfime nouvèl la.
Defansè dwa moun nan Me Renand Hédouville mande reparasyon psikolojik ak ekonomik pou viktim atak Lopitaj Jeneral yo ak Whaf jeremi.
Fòmasyon mizikal Klass ap komanse yon toune an Ayiti samdi 28 Desanb sa a aprè plis pase 5 ane depi yo pa rantre nan peyi a .
Pou ane 2024 la, pou pi piti 30 chofè machin nan sektè transpò piblik la mouri akoz vag vyolans yo an Ayiti.
Plizyè prezime bandi mouri nan boukantay kout zam ak lapolis nan kad yon operasyon fòs lòd yo mennen, ayè jedi a, nan zòn Sarthe.
Kèk lidè politik reklame demisyon konsèy prezidansyèl tranzisyon an ak gouvènman an pa rapò ak fiziyàd bandi fè sou yon gwoup jounalis Ayisyen madi 24 desanm 2024 la.
Asosiyasyon Jounalis ak Medya Ayisyen yo nan peyi Dayiti bay reyaksyon sou atak ame ki fèt sou lopital jeneral ki lakoz lanmò 2 jounalis.
Ms Wololoy ki se yon atis fanm Nan Atlanta soti yon Album ki gen yon mizik Nwèl, Jounalis VOA Kreyòl Yourmy Jeanithe te chita koze ak li.
Load more