Malgre jan sitiyasyon peyi a ye, gen kèk gwoup moun ki vle kenbe lide viv ansanm nan,yon fason pou montre se nan linite fòs nou ye .Soup Libète ak Konbit Soup Joumou te òganize te twouve l nesesè pou te kontinye ak mouvman sa yo.
Malgre yo kite Ayiti depi lontan, plizyè fanmi Ayisyèn toujou kenbe tradisyon soup joumou an. Nan okazyon fèt endepandans peyi a, ayè 1e janvye, kolaboratè nou Luckson Saint-Vil te al lakay yon fanmi nan Florida… lap prezante nou yon repòtaj.-
Gouvènman an ayisyen an selebre ayè lendi premye janvye 2025 lan 221èm anivèsè endepandans peyi a.
Nan kad selebrasyon 221e ane endepandans peyi Dayiti, Premye minis Kanada a, Justin Trudeau, fè konnen li kenbe angajman l te genyen pou l ede pèp ayisyen an retabli demokrasi, sekirite, estabilite ak reponn ak bezwen ijan kouch ki pi fèb yo.
Fan Richard Jean-Hérard (Richie) yo te pran inisyativ fè estati l sou plas Vincent nan Okap. Estati sa a ki te jwenn apwobasyon lameri vil la te inogire nan jou ki te samdi 28 desanm 2024 la pandan toune djaz mayestwo a, Klass, nan dezyèm vil peyi a.
Enfòmasyon ki rapòte nan jounal Le Nouvelliste nan jou 30 desanm 2024 la, fè konnen lameri Gonayiv pa fè okenn anons ofisyèl sou preparatif pou make jounen selebrasyon 221 e ane endepandans la nan vil la, 1e janvye 2025.
Roody Roodboy di sitiyasyon peyi a enkyetan, li te pale konsa pandan konsè li Kanada
Otorite ayewopò entènasyonal vil Kapayisyen an kòmanse travay pou ranfòse pis aterisaj la ak estriti bilding ke move tan afekte. Gerard Maxineau
Konsomasyon soup joumou depi plis pase 2syèk nan okazyon fèt 1 Janvye chak ane sanble se yon tradisyon ki sou wout pou l disparèt.
Gouvènman òganize yon jounen solidarite ak moun k ap viv nan kan deplase yo nan okazyon fèt fen ane yo.
Chèf prezime gang Faro Markenson, AKA Kòmandan Tirad pran bwa kale nan Wanament apre lapolis dominiken te arete l e remèt li bay otorite an Ayiti yo.
Gwoup mizikal Carimi make listwa nań jou ki 27 desanm 2024 lan. Mizisyen yo t reyini pou yon dezyèm fwa depi yo separe an. Yo rive rasanble plis pase 19 mil Moun nan UBS Arena nan Long Island Nouyok. Ayisyen tout kote t deplase vin selebre gwoup lan ak mizik Ayisyèn nan.
Load more