Òganizasyon “Nou se Dorval”, mande pou otorite yo chwazi yon nouvo jij enstriksyon pou ankete sou asasina ansyen batonye Monferrier Dorval, apre yo mete “en disponibilité” jij Merlan Belabre, ki t ap enstwi dosye sa a.
Malgre yo te imigre legalman nan peyi Etazini anba pwogram Pwoteksyon Tanporè TPS la, anpil nan plizyè milye Ayisyen ki nan Springfield, Ohio, ap viv ak kè sote pou menas Prezidan Donald Trump pou l ranfòse règ imigrasyon yo pa rive sou yo byento.
Pwoblèm ensekirite Ayiti a lakòz anpil fanm ansent kouri al chèche swen medikal nan Repiblik Dominikèn malgre politik gouvènman dominiken an ki vle ogmante ekspilsyon yo.
Plizyè prezime bandi jwenn arestasyon yo, kèk lòt mouri, nan kad yon operasyon gwo ponyèt Lapolis Nasyonal Ayiti ak Misyon miltinasyonal la mennen ayè lendi a nan komin Kenskòf.
Kòdonatè jeneral pati politik UNIR la, Clarens Renois, mande Konsèy prezidansyèl tranzisyon an kouri al chita ak gouvènman ameriken an pa rapò ak vag ekspilsyon li di ki pandye sou tèt konpatriyòt ayisyen ki te vwayaje legalman ozetazini nan kad pwogràm Biden nan
Nu Look Prezante Spektak nan 'La Nuit Des Hits', Montreal.
Prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire, jistifye rankont li ak Pap François, samdi 25 janvye 2025 la, nan Vatikan. Nimewo 1 KPT a di: « M ap frape pòt moun ki renmen Ayiti. Pap la renmen Ayiti. Li pa ka tann pou l ede ».
Komin Kenskòf sibi yon atak gang lendi 27 janvye 2025 la, sa ki lakoz gwo enkyetid nan mitan popilasyon an. Majistra Komin nan, Massillon Jean, anonse yon kouvrefe pral aplike pou limite dega yo.
Odyans 17 kolonbyen yo ki ta Swadizan enplike nan asasinay ansyen prezidan Jovenel la, rapouswiv jodi lendi 27 janvye 2025 nan pakè Pòtoprens.
Yon manm KPT a, Fritz Alphonse Jean retounen Ayiti aprè yon vizit Washington kote li te patisipe nan somè ACP epi diskite ak BID ak Bank Mondyal.
Videyo k ap sikile sou rezo yo montre gwo kout zam k ap chante nan komin nan, kote plizyè moun ap kouri kite zòn nan.
Pap François akeyi prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon Ayiti a, Leslie Voltaire, samdi 25 janvye 2025 la nan Vatikan.
Load more