Thomas Jacques, ansyen minis agrikilti peyi d Ayiti dekri defi ki lakoz kiltivate ayisyen yo paka travay kòmsadwa nan yon entevyou esklizif ak VOA Kreyòl nan vil Atlanta.
Nouvo rapo Nasyonzini ki di vyolans gang ame yo touye plis pase 5600 Ayisyen soulve anpil reyaksyon nan Potoprens.
Avoka politisyèn Ayisyèn Magalie Abitan kalifye de pèsekisyon politik arestasyon kliyan li an. Madan Habitant enplike nan yon dosye move jestyon lajan leta. Lajistis arete li 9 Janvye ansanm ak chofè li.
Nan yon entèvyou esklizif ak VOA Kreyol, manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon Ayiti a, Smith Augustin, ke lajistis akize kom kwa li ta mele nan yon dosye koripsyon ki gen rapo ak Bank Nasyonal Kredi a (BNC) di se rezon politik ki motive otorite yo pou yo site non l nan dosye sa a.
Kolektif nasyonal anseyan Ayisyen yo anonse yon grèv nasyonal pou denonse kondisyon travay yo.
Jounalis Ayisyen yo ap travay nan kondisyon danjre ki bay gwo kè sote. Yo fè pati yon gwoup travayè laprès ki gen ladann tou jounalis kap kouvri konfli Palestin nan.
Tout aktivite y oblije kanpe nan Carribean Port Services (CPS) yo, ki se prensipal pò ki desèvi kapital ayisyèn nan, jedi 10 janvye 2025 lan, aprè menas chèf gang Site Solèy la, Mikanò.
Lapolis Nasyonal Ayiti kontinye ap mennen divès operasyon nan Pòtoprens nan lide pou "kraze fwaye gang kriminèl k ap opere nan zòn metwopolitèn nan".
Lapolis Nasyonal Ayiti mete lapat sou Magalie Habitant, jodi jedi 9 janvye 2025 la. Se pòt pawòl adjwen lapolis la, Lionel Lazarre, ki konfime nouvèl.
Ayiti ak Benen siyen yon memorandum, ayè mèkredi a, nan lide pou ranfòse lyen diplomatik ant 2 peyi yo epi favorize konsiltasyon politik sou anje entènasyonal yo.
Load more