Jacques Nesi, yon Ayisyen ki gen anpil enfliyans nan vil Paris an Frans ofri solisyon pou avni peyi d Ayiti nan yon nouvo liv li fek sot pibliye.
Imigran yo bloke nan Meksik tandiske chanjman politik Ozetazini lage dezòd nan biwo refijye yo. Detay: Jeanty Augustin Junior
Plis pase yon dizèn sitwayen pèdi lavi yo nan atak gang ame yo fè nan komin Kenskòf, nan sware dimanch 26 pou louvri 27 janvye 2025,kont popilasyon sivil la pandan ke,lapolis mennen plizyè operasyon ak entèvansyon nan rejyon an pou retabli lòd ak sekirite nan rejyon an .
Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire, rankontre prezidan fransè a Emmanuel Macron jodi mèkredi 29 janvye 2025 lan.
Otorite nan Repiblik Domininikèn arete 34 migran ayisyen san papye nan lokalite Valverde ak Santiago dapre sa medya dominiken yo anonse.
Òganizasyon “Nou se Dorval”, mande pou otorite yo chwazi yon nouvo jij enstriksyon pou ankete sou asasina ansyen batonye Monferrier Dorval, apre yo mete “en disponibilité” jij Merlan Belabre, ki t ap enstwi dosye sa a.
Malgre yo te imigre legalman nan peyi Etazini anba pwogram Pwoteksyon Tanporè TPS la, anpil nan plizyè milye Ayisyen ki nan Springfield, Ohio, ap viv ak kè sote pou menas Prezidan Donald Trump pou l ranfòse règ imigrasyon yo pa rive sou yo byento.
Pwoblèm ensekirite Ayiti a lakòz anpil fanm ansent kouri al chèche swen medikal nan Repiblik Dominikèn malgre politik gouvènman dominiken an ki vle ogmante ekspilsyon yo.
Plizyè prezime bandi jwenn arestasyon yo, kèk lòt mouri, nan kad yon operasyon gwo ponyèt Lapolis Nasyonal Ayiti ak Misyon miltinasyonal la mennen ayè lendi a nan komin Kenskòf.
Kòdonatè jeneral pati politik UNIR la, Clarens Renois, mande Konsèy prezidansyèl tranzisyon an kouri al chita ak gouvènman ameriken an pa rapò ak vag ekspilsyon li di ki pandye sou tèt konpatriyòt ayisyen ki te vwayaje legalman ozetazini nan kad pwogràm Biden nan
Nu Look Prezante Spektak nan 'La Nuit Des Hits', Montreal.
Prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire, jistifye rankont li ak Pap François, samdi 25 janvye 2025 la, nan Vatikan. Nimewo 1 KPT a di: « M ap frape pòt moun ki renmen Ayiti. Pap la renmen Ayiti. Li pa ka tann pou l ede ».
Load more