Kanaval nasyonal Ayiti a ap fèt ane saa nan vil Fò Libète, selon sa ministè Kilti ak Kominikasyon pataje sou paj Facebook li, samdi 18 janvye 2025 la.
Otorite zile Turk & Caicos anonse, ayè dimanch la, yo arete prèske 150 migran ayisyen san papye ki t ap tante antre sou teritwa yo, e y ap prepare pou voye gwoup Ayisyen sa yo tounen nan peyi yo.
Plizyè sitwayen ameriken te debake Washington DC nan Kad envestiti Prezidan Donald Trump Yo Te pale nan Mikwo VOA Kreyòl.
Plizyè bandi ki fè pati gang gran grif ak chèf gang Andris Altidor, Alyas Ti rat, tonbe, pandan weekend pase a, nan boukantay kout zam ak lapolis. Se sèvis kominikasyon Lapolis Nasyonal Ayiti ki anonse nouvèl la.
Atis Ayisyen Top Adlerman bay fanatik li yo kè kontan lè li vwayaje Paris pou yon gwo spektak. Nan yon entèvyou esklisiv ak VOA Kreyol, misye di li regrèt li te janm fè mizik ak Misty Jean.
La repibkik dominikèn voye tounen an Ayiti plis pas 200.000 migran ayisyen pami 154.000 gason ak 43.000 fanm,,selon platfòm GARR.
Kèk sitwayen nan rejyon metwopoliten reyaji sou arive Ansyen direktè jeneral polis la, Mario Andresol kòm nouvo sekretè deta sekirite piblik peyi a
Konsèy avoka 3 konseye-prezidan ke nou yo site nan skandal kòripsyon Bank Nasyonal Kredi a,ap tann kou kasasyon transfere dosye a nan yon lòt jiridiksyon aprè kou dapèl pòtoprens mande kabinè denstriksyon pou kanpe sou ankèt la.
Pou 15 premye jou nan ane 2025 lan, Repiblik Domininikèn depòte plis pase 14,600 Ayisyen selon yon bilan direksyon jeneral Migrasyon dominiken.
"Nou mande, nou mande fòk gen pwofesè": se konsa plizyè santèn elèv lise nan vil jeremi te foule beton an pou reklame pwofesè nan sal klas yo.
Load more