Accessibility links

 
Plizyè bandi tonbe nan Twoke Kout Zam ak Lapolis nan Deptaman Latibonit
Breaking News

Plizyè bandi tonbe nan Twoke Kout Zam ak Lapolis nan Deptaman Latibonit


Haiti Violence
Haiti Violence

Plizyè bandi ki fè pati gang gran grif ak chèf gang Andris Altidor, Alyas Ti rat, tonbe, pandan weekend pase a, nan boukantay kout zam ak lapolis. Se sèvis kominikasyon Lapolis Nasyonal Ayiti ki anonse nouvèl la.

Nan yon efò pou kraze fwaye gang yo an Ayiti, fòs lòd yo mennen plizyè operasyon nan deptaman Latibonit. Nan kad operasyon gwo ponyèt sa yo, otorite yo rive netralize plizyè bandi e reprann kontwòl plizyè lokalite ki te sou lobedyans gwoup nèg ak zam yo.

Fòs lòd yo rive pran kontwòl lokalite tankou Lyankou, Ti rivyè Latibonit, Kafou pèy, Kafou gwo chodyè, Nan Palmis, kote gang yo te kont mete pòs pou fòse chofè ak pasaje peye.

Yon lòt bò, pandan operasyon gason pa kanpe sa yo, lapolis anonse yo sezi plizyè zam epi ogmante prezans yo nan depatman Latibonit.

Pou fini, otorite yo renouvle angajman yo pou yo kontinye batay kont gang yo, yon fason pou yo ka tabli sekirite ak lapè nan peyi a.

XS
SM
MD
LG