Gouvènman an kondane atak gwoup nèg ak zam yo fè sou Radyo Televizyon Karayib la, yon medya k ap sèvi popilasyon an depi plizyè dizèn lane.
Sitwayen k ap viv nan Pòtoprens dòmi yon je ouvri yon je fèmen, ayè jedi a, akoz atak ak menas gwoup gang yo sou plizyè katye nan kapital la, ladan yo Kafou Fèy.
Nan yon konferans pou laprès li bay mèkredi 13 mas la, Lionel Lazarre, fè konnen lapolis p ap fè back, Lapolis ap rive sou gang yo.
Gwoup nèg ak zam mete dife nan lokal radyo televizyon karayib ki twouve l nan ri Chavàn, nan Pòtoprens. Ensidan sa rive nan lannuit 12 pou rive 13 mas 2025 lan.
Polis nasyonal Dayiti (PNH) t òganize yon konferans pou laprès pou yon bilan sou tout dènye operasyon l yo, atravè peyi a. Konferans sa a te dewoule mèkredi 12 mas 2025 lan, nan Direksyon nasyonal santral polis jidisyè a (DCPJ).
Fondasyon Ayiti Jazz lanse, ayè madi a, 18èm edisyon festival entènasyonal Jazz Pòtoprens ki gen pou dewoule soti 20 pou rive 22 mas 2025
Soti bò 5è nan aprèmidi jiska 9è nan aswè, sititiyasyon an te malouk nan katye Kafou fèy, ki sibi yon lòt fwa ankò atak gwoup gang yo, jou madi 11 mas 2025 la.
Pwosè kolonbyen yo ki ta enplike nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moise la rapousuiv ayè lendi 10 mas la, nan lakou dapèl kote akize Felix Badio te prezan "en chair et en os" pou vin reponn kesyon tribinal la.
Kolera toujou la : nan apeprè yon mwa, anviwon 150 moun trape viris kolera an Ayiti, selon sa òganizasyon imanitè Medsen San Fwontyè (MSF) rapòte.
Soti 20 pou rive 22 mas 2024, Pòtoprens pral vibre avèk 18èm edisyon festival entènasyonal Jazz Pòtoprens ki ap dewoule sou plizyè sèn nan kapital la.
Apre bèl viktwa Nottingham Forest (1-0) sou ekip Manchester City a, samdi ki sot pase la a, jwè Nottingham Forest yo selebre viktwa a sou mizik "4 kanpe" chantè ayisyen Joe Dwèt file adapte.
Yon delegasyon ayisyen ki gen nan tèt li konseye- prezidan Frinel Joseph kite peyi a, yè dimanch la, pou ale nan peyi Pewou ak Meksik. Objektif vwayaj sila a se pou "ranfòse travay sou referendum nan epi soutni òganizasyon eleksyon yo ann Ayiti".
Noelson Metelus, alyas "Zo Pipe" yon prezime manm gang Canaan, mouri anba men popilasyon nan Sodo, apre Lapolis Nasyonal Ayiti te mete l anba kòd.
Lè nasyonal peyi Ayiti chanje dimanch k ap 9 mas 2025 lan.
2 foubolè ayisyen nan top 10 pi bèl gòl ki te fèt nan eliminatwa mondyal U-17 yo pou rejyon Concacaf la, selon yon klasman Concacaf pibliye ayè jedi a.
Òganizasyon imanitè, Medsen San Fwontyè, lanse yon apèl bay kominote entènasyonal pou pran aksyon an ijans kont enserite a k ap vale teren an Ayiti, pou ede peyi a.
Vil Okay gen kounye a yon ayewopò entènasyonal : Prezidan konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Leslie Voltaire, inogire, ayè mèkredi a, Ayewopò entènasyonal Antoine Simon nan vil Okay ki kounye a ekipe pou li resevwa vòl intènasyonal.
Nan 2 semèn, plis pase 24 mil moun kouri kite lakay yo akoz atak gwoup nèg ak zam yo sou plizyè katye nan kapital la, Pòtoprens, selon yon dènye bilan òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM).
Ladwann nan Repiblik Dominikèn, anonse yo sezi yon kagezon zam ak katouch ki t ap pran direksyon Ayiti.
Load more