Accessibility links

 
Ayiti : Plis Pase 24 mil Moun Kouri Kite Lakay yo Akòz Vyolans Gang yo (OIM)
Breaking News

Ayiti : Plis Pase 24 mil Moun Kouri Kite Lakay yo Akòz Vyolans Gang yo (OIM)


Foto Achiv: Moun kouri kite kay yo akoz zak vyolans gang yo nan Potoprens, Ayiti, 29 Fevriye, 2024
Foto Achiv: Moun kouri kite kay yo akoz zak vyolans gang yo nan Potoprens, Ayiti, 29 Fevriye, 2024

Nan 2 semèn, plis pase 24 mil moun kouri kite lakay yo akoz atak gwoup nèg ak zam yo sou plizyè katye nan kapital la, Pòtoprens, selon yon dènye bilan òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM).

Nan yon kominike li pibliye sou rezo yo ayè madi a, OIM fè konnen vag vyolans yo nan Pòtoprens fòse 24,155 moun kite katye yo.

Vyolans sa a touche abitan Kafou fèy, Taba 27, Dèlma 19, Dèlma 30, Corvette, Metiver, elatriye.

Ajans Nasyonzini an souliye anpil nan moun atak gang yo fòse kite kay yo, se moun ki te kouri deja pou zak briganday bandi yo.

Pi lwen, OIM siyale gen 7 sit ki te gen 17,454 moun ki oblije fèmen pòt yo akòz vyolans asasen yo.

Deplase yo al abrite yo nan 34 sit ki te egziste deja, selon OIM ki di yo kreye 7 nouvo sit pou akeyi moun k ap kouri yo.

N ap fè sonje pou ane 2024 la, vyolans gang yo fòse plis pase yon milyon moun kouri kite lakay yo nan peyi d Ayiti.

XS
SM
MD
LG