Leta Ayisyen ap konkstwi 20 km wout ant Potoprens ak Jacmel.
180 jèn ki sòti nan katye defavorize nan kapital ayisyen nan resevwa sètifika aprè 6 sesyon fòmasyon sou vyolans baze sou jan, antreprenarya ak maladi seksyèlman transmisib .
End of Year sip and social se dènye rankont Carolina Haitian Women Society pou ane a, pou selebre, fè bilan epi prezante objektif yo. Sete okazyon tou pale de kokennchenn pwojè yo genyen pou lane kap vini an.
Popilasyon Leziwa nan depatman Grand Anse la di leta abandone yo nan moman yap fe fas ak anpil difikilte. Mackenson Charles te vizite komin nan pou pale ak sitwayen yo.
Plis pase Sèz (16) prezime manm gang Gran grif tonbe nan twoke kout zam ak lapolis pandan weekend ki sot pase a.
"Blese" se dènye mizik videyo chantez Fatima Altieri lage sou rezo yo. Videyo a ki disponib depi ayè sou paj YouTube atis la, tradui santiman ak emosyon yon Fatima ki pa bay lanmou legen, malgre l blese nan lanmou.
Anviwon 11 mil moun kouri kite lakay yo nan Pòsmachan akoz atak gwoup nèg ak zam fè sou katye sa weekend ki sot pase la, selon òganizasyon entènasyonal pou migrasyon (OIM).
Anviwon 2 jou apre atak gwoup nèg ak zam sou katye Pòsmachan, plizyè dizèn abitan nan katye sa mare pakèt yo jodi madi 17 desanm lan pou kite zòn sa, ki vin tounen yon chann batay ant lapolis ak gang yo.
Lapolis Nasyonal Ayiti lanse yon "seri operasyon san kanpe" toupatou nan peyi a nan lide pou kraze fwaye gang yo: se konsa pòt pawòl adjwen lapolis la ouvè ayè lendi a, konferans sou bilan entèvansyon fòs lòd yo nan peyi a.
Nan lannwit dimanch 15 desanm pou rive lendi 16 desanm 2024 la, yon gwoup jèn ak zam te deside atake lopital Bernard Mevs ki chita kò l nan Vilaj Solidarite, sou wout ayopò a, nan Pòtoprens.
Plizyè atis nan endistri mizikal Ayisyèn nan, HMI eksprime kè sote yo genyen pou sityasyon Ayiti ak chagren yo dèske yo paka vwayaje lakay pou pèfome pou fanatik yo.
Load more