Minis santé piblik ak popilasyon an, Georges Fis Brignol, vizite Jodi mekredi a Sant sante Eliazar Germain nan Pétyonvil . Aprè vizit sa li anonse dispozisyon pou amelyore kalite sèvis pasyan yo ap resevwa.
Sitiyasyon an ap kontinye vin pi mal an Ayiti malgre kèk pwogrè politik ak kòmansman deplwaman misyon fòs miltinasyonal pou sipòte polis nasyonal la dapre LONI.
Malgre prezans misyon miltinasyonal la an Ayiti, moun kontinye ap kouri kite kay yo akoz gang yo ki pa sispann kraze brize pasipala.
Itilizatè Digicel yo paka itilize plizyè sèvis jodi mèkredi 23 oktòb la.
Kesyon kat Demalòg te nan mitan yon rankont nan Anbasad Ayiti nan vil Pari nan peyi Lafrans.
Yon fanm ansent pèdi lavi l nan atak gwoup nèg ak zam yo fè sou katye Solino, daprè yon bilan pwoteksyon sivil mete deyò.
Nèg ak zam, moun pa rive idantifye, simen katouch, lendi 22 oktòb la, sou lekòl "Presbytérale Congregationaliste" nan komin Lestè, ki twouve l nan depataman Latibonit.
Jounalis Ayisyen, Luckenson Jean, k ap travay pou ajans AFP, nomine pou pri Rory Peck Video. Se ajans fransè a ki fè anons lan jodi lendi 21 oktòb 2024 la.
Plis pase 4200 moun kouri kite kay yo akoz atak gwoup nèg ak zam fè nan plizyè katye nan Pòtoprens, dapre yon kominike Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) pibliye lendi 21 oktòb 2024 la.
Plis pase 41% moun k ap viv an Ayiti yo ap viv nan yon mizè ki rèd anpil.
Asosyasyon Haitian Studies ôganize 36èm edisyon konferans anyèl li nan Brooklyn, New York. Jounalis Glorieuse Nelson di nou aktivite yo te santre sou tit: Tout Moun se Moun
Load more