Accessibility links

Breaking News

Katouch Fè Mikalaw sou yon Lekòl nan Komin Lestè, Plizyè Elèv Blese


HAITI-VIOLENCE/
HAITI-VIOLENCE/

Nèg ak zam, moun pa rive idantifye, simen katouch, lendi 22 oktòb la, sou lekòl "Presbytérale Congregationaliste" nan komin Lestè, ki twouve l nan depataman Latibonit.

Asayan yo, ki tap sikile sou moto, touye yon paran epi blese plizyè elèv pandan atak sila.

Elèv ki blese yo te al pran swen nan lopital Saint Nicolas nan komin Saint-Marc.

Atak sa ki mete dlo nan je popilasyon an nan Latibonit, rive nan yon kontèks kote fòs lòd yo ranfòse prezans yo nan Latibonit pou reponn ak dènye atak sanglan nan lokalite Ponsonde a, kote plis pase 100 moun te pèdi lavi yo.

N ap souliye, lapolis mete anba kòd plizyè envidi ki ta gen men yo tranpe nan sa ki gen pou wè ak krim e briganday nan depatman Latibonit lan.

Ladan yo, Metellus Fedlaire, AKA Dabò, ki fè pati de gang Kokorat sans ras la.

XS
SM
MD
LG