Accessibility links

Breaking News

Ensekrite : Plis pase 4200 Moun Kouri Kite Kay yo nan Taba ak Dèlma


Haiti Daily Life
Haiti Daily Life

Plis pase 4200 moun kouri kite kay yo akoz atak gwoup nèg ak zam fè nan plizyè katye nan Pòtoprens, dapre yon kominike Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) pibliye lendi 21 oktòb 2024 la.

Dapre ajans Nasyonzini an, atak gang yo nan komin Taba ak Dèlma fòse 4201 sitwayen pran tout sa yo genyen pou kite zòn yo.

Nan kominike a, OIM, majorite nan moun ki deplase yo (2565) al refije nan sit ki fèt pou sa.

Rès moun yo oblije desann kay yon fanmi.

N ap raple depi 17 oktòb, gwo kout zam ap chante nan katye popilè Solino, kote gang ap eseye antre pou domine zòn nan.

Lapolis, bò kote pa l, anonse deplwaman plizyè inite pou "repouse" bandi yo nan Solino.

XS
SM
MD
LG