Ansyen Premye Minis Evans Paul di gen 3 pwoblèm majè ki anpeche Ayiti devlope, pwoblèm sosyo ekonomik yo
Minis afè etranjè a, Dominique Dupuy pa met pye nan reyinyon konsèy prezidansyèl la, ki te konvoke l, jodi mèkredi a, pou l vin bay esplikasyon sou "malantandi" ki te genyen nan delegasyon ayisyèn nan pou 79èm asanble jeneral nasyonzini an.
Inite kap goumen kont koripsyon nan peyi Ayiti (ULCC) mande pou lajistis pouswiv 3 manm konsèy prezidansyèl la pou enplikasyon yo nan koripsyon.
Plis pase 700 mil moun kouri kite kay yo akoz pwoblèm imanitè grav ak vyolans gang yo, daprè yon rapò Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM).
Grangou a rive nan yon nivo istorik an Ayiti, sou chak 2 Ayisyen gen youn ladan yo k ap soufri anba grangou.
Yon Tweet Prezidan peyi Kenya a, William Ruto, te fè sou kont X li pou te salye agajman gouvènman peyi Dominiken an nan sipò yo ak Misyon Miltinasyonal Apwi ak sekirite MMAS kontinye kreye konfizyon nan peyi a.
Konsèy prezidansyèl tranzisyon an difikilte a lavèy ekspirasyon manda Egard Leblanc Fils 7 Oct kap vini la. Konseye Smith Augustin ki ta dwe ranplase M. Leblanc mele nan yon eskandal koripsyon Nan BNC.
Dènye analiz klasifikasyon sekirite alimantè entegre (IPC), ki te pibliye lendi 30 septanm nan, montre plis pase mwatye nan popilasyon ayisyen an ap soufri anba grangou.
Gouvènman peyi Ayiti anonse yon seri mezi pou ede paran yo pou ane eskolè a, ki ofisyèlman kòmanse jodi madi premye oktòb 2024 la.
Yon Fotograf Ayisyen ki ap viv nan vil Springfield, nan eta Ohio, Santi Avni Bizinis li an menase apre deklarasyon ansyen Prezidan Trump te fè kote li di Ayisyen ap Manje Chen Ak Chat
Konsèy sekirite Nasyonzini renouvle jodi lendi 30 septanm 2024 la, manda misyon miltinasyonal pou yon lòt ane.
Peyi Gine anonse li prè l pou l bay 650 polisye pou ede fòs miltinasyonal la goumen kont gang yo an Ayiti.
Load more