Accessibility links

Breaking News

PAM di Grangou Klowòks Afekte Mwatye nan popilasyon an


PAM
PAM

Dènye analiz klasifikasyon sekirite alimantè entegre (IPC), ki te pibliye lendi 30 septanm nan, montre plis pase mwatye nan popilasyon ayisyen an ap soufri anba grangou.

Rapò a di anviwon 5.4 milyon moun, nan yon popilasyon ki totalize plis pase 11 milyon, ap lite pou jwenn manje pou tèt yo ak fanmi yo, sa ki reprezante youn nan pi gwo pousantaj ensekirite alimantè nan mond lan, dapre Pwogram Alimantè Mondyal la. (PAM).

Nan Pòtoprens, plis pase 5,500 moun ki te deplase akoz vyolans ak ensekirite gang jwenn refij nan Lise Marie-Jeanne.

Tès nitrisyon yo te fè pou manman ak timoun sa yo semenn pase a montre siy malnitrisyon grav. Anpil timoun te twouve yo sou liy jòn nan tès yo, kèk nan yo t ap rapwoche zòn wouj la, ki se siy malnitrisyon grav ki ta mande pou entène lopital.

Pami moun ki ap fè fas ak nivo ijans grangou, 6,000 yo twouve yon nan faz 5 nan klasman, oswa "grangou katastwofik," nivo ki pi wo nan ensekirite alimantè a, ki afekte prensipalman popilasyon deplase yo, patikilyèman moun ki nan Lise Marie-Jeanne yo, dapre sa PAM te di nan laprès.

Rapò IPC a, ki kouvri peryòd mwa Out rive Novanm 2024, te pibliye ansanm ak Kowòdinasyon Nasyonal Sekirite Alimantè Ayiti (CNSA), Òganizasyon Nasyonzini pou Alimantasyon ak Agrikilti (FAO) ak Pwogram Alimantè Mondyal Nasyonzini (PAM).

XS
SM
MD
LG