Accessibility links

Breaking News

Leta Anonse yon Pakèt Mezi pou Bay Paran yo Bourad pou Timoun yo Lekòl

Students study in a school courtyard in Port-au-Prince September 20, 2011. Haitian President Michel Martelly announced during his trip to New York, to attend the U.N. General assembly, that key mandates for the reconstruction of his country is education a

Gouvènman peyi Ayiti anonse yon seri mezi pou ede paran yo pou ane eskolè a, ki ofisyèlman kòmanse jodi madi premye oktòb 2024 la.

Nan yon nòt pou laprès, gouvènman an ki gen nan tèt li, premye minis Garry Conille, fè konnen li pran kèk mezi pou bay bourad ak manman ak papa pitit pou antre lekòl la.

Selon sa otorite yo anonse, 200 mil paran pral resevwa 20 mil goud sou kont yo, nan lide pou kore efò yap fè pou bay pitit yo edikasyon.

Anplis de sa, yon milyon elèv ap jwenn manje. 70% kantin eskolè yo ap fèt ak manje pwodiksyon lokal yo, selon gouvènman an.

Leta prevwa tou distribiye 2 milyon liv gratis pou ane eskolè a. Liv sa yo inik e yo ekri an kreyòl.

Yon lòt bò, gouvènman an fè konnen fonksyonè Leta yo pral resevwa yon 14yèm mwa salè pou soutni paran yo pou antre lekòl la.

Avèk yon bidjè ki ogmante de 24% pou ane fiskal 2024-2025 lan, ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pre-war fòme 10 mil pwofesè pou bay bon jan edikasyon ak elèv yo

XS
SM
MD
LG