Accessibility links

Breaking News

Koripsyon: ULCC Mande pou Met Aksyon Piblik an Branl kont 3 Konseye Prezidansyèl


ULCC logo, An organisation ann Haiti that invloves un the fignht against corruptions in Haiti
ULCC logo, An organisation ann Haiti that invloves un the fignht against corruptions in Haiti

Inite kap goumen kont koripsyon nan peyi Ayiti (ULCC) mande pou lajistis pouswiv 3 manm konsèy prezidansyèl la pou enplikasyon yo nan koripsyon.

Smith Augustin, Emmanuel Vertilaire ak Louis Gérard Gilles, se twa manm konsèy prezidansyèl la non yo site nan dosye koripsyon.

Daprè rapò ULCC a, 3 konseye prezidansyèl yo enplike nan yon koripsyon pasiv, fè abi de fonksyon yo epi mele nan podven.

ULCC mande pou mete an branl aksyon piblik kont Augustin, Vertilaire ak Gilles, jan atik 5.5 ak 5.6 lwa 12 mas 2014 la mande sa.

Yon lòt bò, ULCC mande pou Lajistis pouswiv ansyen prezidan BNC a, Raoul Pierre-Louis ki gen men l tranpe nan koripsyon tou.

Selon ULCC, ansyen prezidan an BNC a, fè antrav a lajistis. Li enplike tou nan bay podven epi fè abi de fonksyon l lan.

XS
SM
MD
LG