Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC), yon òganizasyon leta ayisyen, rekòmande Mèkredi 4 oktòb nan yon rapò ankèt pou gen pousuit jidisyè kont 3manm nan konsèy tranzisyon an pou abi pouvwa, pran lajan anba tab ak koripsyon.
Premye Minis ayisyen an, Garry Conille, tanmen yon vwayaj nan Emirats Arabe Unis ak Kenya samdi 5 oktòb pou l mande èd nan kesyon sekirite apre gang yo fè youn nan atak ki pi mòtèl nan peyi a.
Alòske anpil migran Ayisyen rankontre difilkite lè yo al lopital dèske yo pa pale an Anglè, yon klinik nan Springfied anplwaye entèprèt kreyòl pou etabli bon komikasyon ak pasyan yo e ede yo jwenn tretman pi egzat.
Thomas Bowen se yon konseye senyò nan Mezon Blanch ki te chita pale ak yon gwoup lidè Ayisyen nan Springfield vandredi 4 oktob la. Kèk patisipan revele detay ki te diskite nan rankont lan.
SENMAK, Ayiti (AP) — Ajans Nasyonzini pou Migrasyon an di prèske 6,300 moun kouri kite kay yo apre yon atak gang ame yo fè te koze lanmò omwen 70 moun.
Lapolis Jamayik arete, samdi ki sot pase la, 20 sitwayen ayisyen ki t ap eseye antre ilegal nan peyi Jamayik sou yon bato.
Nan okazyon an, reouvèti lekòl, yon delegasyon kite gen nan tèt-li Prezidan KPT a Edgard Leblanc Fils ak Minis edikasyon nasyonal la Antoine Augustin louvri ane eskolè 2025 lan nan vil Okay.
Pou pi piti 70 moun pèdi lavi yo nan yon atak san parèy gang Gran grif te lanse, jedi byen bonè nan maten, sou popilasyon Pont-Sondé a, selon yon dènye bilan Nasyonzini pibliye jodi vandredi a.
Lapolis Nasyonal Ayiti voye plizè polisye, espesyalise nan batay kont gang, nan depatman Latibonit pou kwape tout gang k ap simen latwoublay nan depatman sa.
Ayiti ak Salvadò siyen yon akò, ayè jedi a, pou otorize sòlda Salvadoryen yo entegre Misyon miltinasyonal la pou vin ede polisy nasyonal Ayiti goumen kont vyolans yo.
Nan yon dokiman 12 paj, Inite lit kont koripsyon (ULCC) pibliye rapò ankèt li mennen sou akizasyon 100 milyon goud 3 konseye prezidansyèl tranzisyon an ki ta mande Ansyen Prezidan Administrasyon BNC Raoul Pascal Pierre Louis poul te kapab rete nan Pòs li.
Load more