Accessibility links

Breaking News

Atak nan Pont Sondé: Lapolis Deplwaye Ajan Antigang Pou Kwape Bandi

FILE - Police officers patrol after dispersing demonstrators, who were calling for help from the government and security forces after gangs attacked neighborhoods and set houses on fire, in Port-au-Prince, Haiti, Aug. 19, 2024.

Lapolis Nasyonal Ayiti voye plizè polisye, espesyalise nan batay kont gang, nan depatman Latibonit pou kwape tout gang k ap simen latwoublay nan depatman sa.

Nan yon kominike l pibliye maten an, lapolis anonse plizyè ajan UTAG (yon inite antigang), deja sou plas pou ede fòs lokal yo ki te sibi ayè maten, atak gang Gran grif la, ki gen nan tèt li Luckson Elan.

Nan atak sila ki fèt nan lokalite Pont Sondé, gang Savyen an asasinen pou piti 10 moun e blese 20 lòt ak bal.

Popilasyon nan Pond Sondé ak zòn ki anviwonnen l yo, te oblije kouri kite lakay yo pou al refijye nan vil Senmak.

Gang yo te lanse atak tou sou baz UDMO nan komim Senmak la. Lapolis pa komimike sou dega oubyen viktim li sibi pandan atak sa.

Sepandan, fòs lòd yo di yo gentan adopte plizyè mezi pou bay yon repons "egalego" ak aksyon kriminèl gang yo.

Lapolis pwofite mande popilasyon an rete trankil e renouvle angajman l pou kwape bandi yo

XS
SM
MD
LG