Accessibility links

Breaking News

Sòlda Salvadoryen ap Vin Ranfòse Misyon Fòs Miltinasyonal la


El Salvador State of Exception
El Salvador State of Exception

Ayiti ak Salvadò siyen yon akò, ayè jedi a, pou otorize sòlda Salvadoryen yo entegre Misyon miltinasyonal la pou vin ede polisy nasyonal Ayiti goumen kont vyolans yo.

Se misyon pèmanan Ayiti nan OEA ki anonse nouvèl la sou paj Facebook li, kote l souliye sòlda Salvadoryen yo ap rive an Ayiti nan jou k ap vini yo.

Akò sa siyen ant reprzantan Ayiti nan OEA, Gandhi Thomas ak reprezantan Salvadò nan OEA, Wendy Jeannette Acevedo Castillo, selon sa Misyon pèmanan Ayiti nan OEA fè konnen.

Otirite yo pa revele konbyen sòlda peyi Salvadò ap voye an Ayiti, men yo souliye se yon etap enpòtan nan batay y ap mennen kont gang yo.

Gras ak akò sa, Ayiti pra l "pwofite ekspètiz salvadò nan kwape gang kriminèl", selon misyon pèmanan Ayiti nan OEA.

N ap raple Misyon Miltinasyonal la, ki gen nan tèt li peyi Kenya, gen anviwon 600 polisye kenyan ladan l. Prezidan Kenyan William Ruto, pwomèt pou voye 600 lòt avan ane a fini, toujou nan lide ede PNH la kwape aktivite gang yo.

Semèn pase a, peyi Gine te manifeste enterè l pou l fè pati de fòs miltinasyonal la. Gine pwomèt yon kontenjan 650 polisye ak jandam.

XS
SM
MD
LG