Accessibility links

Breaking News

Ayiti: 2 moun Mouri nan yon Aksidan Avyon nan Vil Okay


Moun rasanble ozalantou lye kote yon ti avyon tonbe nan komin Kafou, Potoprens, Mekredi 20 Avil, 2022.
Moun rasanble ozalantou lye kote yon ti avyon tonbe nan komin Kafou, Potoprens, Mekredi 20 Avil, 2022.

Pou pi piti 2 moun mouri nan yon aksidan anyon, mèkredi 3 oktòb 2024 la, nan lokalite Miserne, nan vil Okay.

Daprè premye enfòmasyon yo, avyon an se yon "charter", sa vle di li pote machandiz. Avyon an tonbe yon tikras tan apre l fin kite ayewopò Antoine Simon an.

Pilòt aparèy la ak kopilòt la mouri nan aksidan sa.

Otorite yo poko devwale idantite viktim yo.

Ekip premye sekou yo ki te depwaye nan zòn aksidan an, retire kò 2 viktim nan avyon an, sou kontwòl ajan polis nasyonal Ayiti ki te prezan pou sekirize sit aksidan an.

Selon yon temwen, avyon an t ap transpòte bwat ki gen Zangi ladan l.

Otorite yo poko detèmine ki rezon ki lakoz avyon an fè aksidan an.

XS
SM
MD
LG