Accessibility links

Breaking News

Atak nan Pont-Sondé: Bilan an Ogmante a 70 Moun Mouri, Pami Viktim Yo 3 Bebe


Yon anbilans rive nan yon lopital Medecins Sans Frontieres (MSF) nan Potoprens, Ayiti, 4 Oktob 2022.
Yon anbilans rive nan yon lopital Medecins Sans Frontieres (MSF) nan Potoprens, Ayiti, 4 Oktob 2022.

Pou pi piti 70 moun pèdi lavi yo nan yon atak san parèy gang Gran grif te lanse, jedi byen bonè nan maten, sou popilasyon Pont-Sondé a, selon yon dènye bilan Nasyonzini pibliye jodi vandredi a.

Nan yon kominike, LONI fè konnen manm gang Gran grif yo asasinen pou pi piti 70 moun, ladan yo 10 fanm ak 3 ti bebe !

Yon atak sanglan ki fòse plizyè abitan kouri kite zòn nan pou al refijye yo nan lòt vil, tankou Senmak.

Daprè rapò Komisarya Nazyonzini pou dwa moun gang savyen an boule 45 kay e kankannen 34 machin, e yo "sezi" apre atak sa.

LONI pwofite mande pou otorite yo an Ayiti fè yon ankèt rapidvit pou jwenn men kache dèyè atak sa, e trennen yo tribinal kòmsadwa, toutpandan y ap garanti reparasyon viktim yo ak fanmi viktim yo

Yon lòt bò, Konsèy prezidansyèl la kondane atak gang savayen an, ki gen nan tèt li Luckson Elan, ki voye plis pase 15 moun al kouche sou kabann lopital.

Konsèy prezidansyèl di li pase lòd ak otorite konsène yo pou yo retabli lòd nan Pont-Sondé.

Pi lwen, Konsèy prezidansyèl renouvle volonte l pou l tabli sekirite nan peyi a, e fè konnen prensip la se : "Zewo tolerans ak fòs k ap terorize popilasyon an.

XS
SM
MD
LG