Asosyasyon Haitian Studies ôganize 36èm edisyon konferans anyèl li nan Brooklyn, New York. Jounalis Glorieuse Nelson di nou aktivite yo te santre sou tit: Tout Moun se Moun
Otorite santral yo komemore 218èm anivèsè asasina Jean Jacques Dessalines Jedi 17 Oktôb la.
Minis Afe Etranje Ayisyen an, Dominique Dupuy di VOA Ayiti antann ni ak peyi Salvado pou peyi sa a vinn ede MSS la nan lit kont gang ame yo. Minis Dupuy di kolaborasyon Salvado se yon gwo bourad pou Ayiti akoz sikse peyi sa a jwenn nan lit pa li kont gang ame yo.
Pòtoprens leve anba katouch jodi 17 oktòb 2024 la, yon dat ki make 218 anivèsè lanmò papa nasyon an, Jean Jacques Dessalines.
Nan okazyon 2è anivèsè lanmò chantè ayisyen an, Michael Benjamin, plizyè atis ayisyen te òganize yon gwo konsè nan otèl El Rancho, ayè mèkredi 16 oktòb la, pou selebre lavi ak zèv chantè ayisyen an sou tèm "Limyè Pou Mikaben Lapè pou Ayiti".
Oganizasyon Eta Ameriken yo, l OEA te sipoze fè yon rankont pou diskite sou kestyon Ayiti a Mèkredi 16 Oktob la men sanzatann, rankont la te vinn anile. Jean Robert Philippe te sou plas pou VOA Kreyol.
Minis Afè Etranjè Ayisyen Dominique Dupuy Bay pozisyon gouvènman Ayisyen an sou sitiyasyon ayisyen ki ap viv nan vil Springfield nan Eta Ohio.
Minis afè etranjè a, Dominique Dupuy, drese yon tablo tris de sitiyason an Ayiti, kote gwoup gang yo pran 12 milyon abitan an otaj.
Premye Minis Garry Conille retounen Pòtoprens jodi Madi a aprè yon virewon nan Emira Arab Ini ak nan Kenya.
Misyon miltinasyonal la mande lidè gang yo pou yo kanpe sou zak briganday y ap fè nan peyi a.
Dapre yon nòt, Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM), pibliye, yon total 4674 moun, oblije kouri kite zòn Boukasen ki te anba atak nèg ak zam, jedi ki sot pase la.
Load more