Accessibility links

Breaking News

Etazini Mande Otorite Ayisyen yo 'Mete Enterè Peyi a Devan Enterè Pèsonèl yo'


Foto Achiv: Konseye Adjwen Konsey Nasyonal Sekirite Lamezonblanch, Jon Finer.
Foto Achiv: Konseye Adjwen Konsey Nasyonal Sekirite Lamezonblanch, Jon Finer.

Prensipal Konseye Adjwen Sekirite Nasyonal Lamezonblanch la, Jon Finer vwayaje Potoprens 16 Oktòb pou rankontre responsab wo plase Ayisyen yo ak lidèship Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal la, MSS, dapre yon not pou laprès Lamezonblanch voye bay VOA.

Yo fè konnen Finer te vwayaje ak yon delegasyon responsab wo plase Depatman d Eta, Depatman Defans, Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal, USAID, epi Konsèy Nasyonal Sekirite a.

Dapre kominike a, pandan rankont separe ak manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon ak ak Premye Minis Garry Conille, Finer te prezante kondoleyans li pou "lanmò trajik inosan nan masak gang yo fè nan Pont-Sonde." Finer reitere tou, dapre Lamezonblanch, angajman Etazini vizavi jefò Ayisyen ap dirije pou retabli sekirite epi pare chemen an pou eleksyon lib e onèt.

Finer felisite KPT a tou pou tranzisyon ki mete Leslie Voltaire kom prezidan 7 Oktòb pase a. Responsab Ameriken an fè remake fòk otorite Ayisyen yo kontinye mete enterè peyi a devan enterè pèsonèl yo epi respekte pwomès yo te fè pou travay pou tout Ayisyen.

Nan rankont li ak lidè MSS ak PNH, Finer te souliyen "angajman Etazini kontinye pran pou chache sipo entènasyonal epi dispoze zouti ki nesesè pou retabli sekirite ak yon eta de dwa an Ayiti."

Etazini se pi gwo kontribitè resous MSS la bezwen, jiskaprezan.

Nap raple gouvènman Ayisyen an ki te mande Konsèy Sekirite Nasyonzuni an pou l otorize yon fos mentyen lapè LONU pou pran la relèv lè li apwopriye pou fè sa. Finer rasire otorite Ayisyen yo Etazini apiye tranzisyon sa a.

Lèzetazini rete kom pi gwo kontribitè asistans imanitè pou Ayiti, ke li distribye atravè LONU ak ONG yo.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch, Anita Powell, kontribye a repotaj sa a.

XS
SM
MD
LG