Accessibility links

Breaking News

Domimique Dupuy Mande pou pa Fè Silans Devan sa k ap Pase an Ayiti


Dominique Dupuy Haiti Foreign Minister
Dominique Dupuy Haiti Foreign Minister

Minis afè etranjè a, Dominique Dupuy, drese yon tablo tris de sitiyason an Ayiti, kote gwoup gang yo pran 12 milyon abitan an otaj.

Nan diskou li nan okazyon 220e sesyon konsèy egzektif Unesco a, chanselyè Ayisyèn te mande kominote entènasyonal la poze aksyon pou ede Ayiti.

"Nan peyi m, nou mouri twò vit e poukont nou. Nou mouri anba grangou, anba laperèz, anba dezespwa, ak wont" deklare Domimique Dupuy ki te degaje anpil emosyon nan diskou li a.

Chanselyè a di li paka gade silans pandan Ayisyen ap viktim de rasis nan Sendomeng ak Springfield, Ohio.

Domimique Dupuy deklare "Nou paka rete silans devan 500 mil Ayisyen ki vize pa yon desizyon depòtasyon an mas ki vyola dwa yo kòm moun".

Daprè chanselyè a, desizyon depòtasyon Ayisyen yo pa epanye pèsòn, " ni tibebe yo rache nan tete manman yo pou fèmen yo nan kaj, ni jèn fi yo lage pou kont yo nan mitan lanwit sou fwontyè a".

Ansyen reprezantan Ayiti nan UNESCO a lanse yon apèl bay kominote entènasyonal la pou yo pa fè silan devan sa k ap pase a.

Domimique ajoute si nou ret silans e nou pa fè anyen, sa ap fè nou konplis de sa ki "Inaksetab".

Minis lan plede pou komimote entènasyonal ps detounen rega yo sou Ayiti. "M ap sipliye nou pou nou pa detounen rega nou sou peyi m. Nou kapab e nou dwe evite beny san sa ki nan wout".

Pou Domimique Dupuy, malè pandje sou Ayiti kapab evite.

Minis afè etranjè a fini diskou l la pou l di, pa gen tan ankò pou fè silans.

XS
SM
MD
LG