Accessibility links

Breaking News

"Limyè Pou Mikaben" Plizyè Atis Ayisyen Onore Memwa ak Eritaj Michael Benjamin


LIMYÈ POU MIKABEN
LIMYÈ POU MIKABEN

Nan okazyon 2è anivèsè lanmò chantè ayisyen an, Michael Benjamin, plizyè atis ayisyen te òganize yon gwo konsè nan otèl El Rancho, ayè mèkredi 16 oktòb la, pou selebre lavi ak zèv chantè ayisyen an sou tèm "Limyè Pou Mikaben Lapè pou Ayiti".

Plizyè santèn melomàn, abiye byen chèlbè, te fè deplasman an nan El Rancho pou patisipe nan gwo konsè sa nan pou rann yon bèl omaj ak Mikaben

Nan yon bèl dekò, anpil pèsonalite nan endistri mizikal ayisyen an, tankou Shabba, J Perry, Darline Desca, Roody, te ofri yon bèl espektak pou onore eritaj ak memwa lejann Ayisyen an.

Soti nan "Nwèl tristès" ki te ouvè sware a pou rive nan prestasyon Roody Roodboy la ki te fèmen espektak la, san n pa bliye pèfòmans Darline Desca ak Pierre Jean sou mizik "Lè m wè w la" ki te make show a... sware omaj la te bèl anpil.

Nan fen espektak la, nan yon kominyon avèk piblik la, atis yo te monte sou sèn ak drapo ayisnen an sou yo toutpandan y ap chante nan onè ansyen chantè Krezi mizik la.

Espektak la te fini ak son bann rara Tabou Band ki te fè piblik la danse ak bèl kout tanbou.

Se ak mizik "Ayiti se" Mikaben nan bann rara a te lanse show li a.

Yon kokennchenn espektak pou yo gwo bout atis ayisyen ki kite mond vivan yo twò bonè.

Michael Benjamin te pèdi lavi l sou sèn Accord Arena nan vil Paris, kote l tap jwe ak gwoup Carimi a nan dat 15 oktòb 2022.

Chantè a te gen sèlman 41 lane.

XS
SM
MD
LG