Nan yon dokiman 12 paj, Inite lit kont koripsyon (ULCC) pibliye rapò ankèt li mennen sou akizasyon 100 milyon goud 3 konseye prezidansyèl tranzisyon an ki ta mande Ansyen Prezidan Administrasyon BNC Raoul Pascal Pierre Louis poul te kapab rete nan Pòs li.
Repiblik Domininikèn anonse, ayè mèkredi 2 Oktòb, yon plan pou depòte chak semèn 10 mil Ayisyen ki pa gen papye.
Plizyè ayisyen rankontre chèf kabinè gouvènè Ohio a ak responsab sekirite piblik pou Eta. Yo ap travay tou sou methòp pou ede ayisyen aprann kondwi.
Pou pi piti 2 moun mouri nan yon aksidan anyon, mèkredi 3 oktòb 2024 la, nan lokalite Miserne, nan vil Okay.
Ansyen Premye Minis Evans Paul di gen 3 pwoblèm majè ki anpeche Ayiti devlope, pwoblèm sosyo ekonomik yo
Minis afè etranjè a, Dominique Dupuy pa met pye nan reyinyon konsèy prezidansyèl la, ki te konvoke l, jodi mèkredi a, pou l vin bay esplikasyon sou "malantandi" ki te genyen nan delegasyon ayisyèn nan pou 79èm asanble jeneral nasyonzini an.
Inite kap goumen kont koripsyon nan peyi Ayiti (ULCC) mande pou lajistis pouswiv 3 manm konsèy prezidansyèl la pou enplikasyon yo nan koripsyon.
Plis pase 700 mil moun kouri kite kay yo akoz pwoblèm imanitè grav ak vyolans gang yo, daprè yon rapò Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM).
Grangou a rive nan yon nivo istorik an Ayiti, sou chak 2 Ayisyen gen youn ladan yo k ap soufri anba grangou.
Yon Tweet Prezidan peyi Kenya a, William Ruto, te fè sou kont X li pou te salye agajman gouvènman peyi Dominiken an nan sipò yo ak Misyon Miltinasyonal Apwi ak sekirite MMAS kontinye kreye konfizyon nan peyi a.
Konsèy prezidansyèl tranzisyon an difikilte a lavèy ekspirasyon manda Egard Leblanc Fils 7 Oct kap vini la. Konseye Smith Augustin ki ta dwe ranplase M. Leblanc mele nan yon eskandal koripsyon Nan BNC.
Load more