PONT-SONDÉ, Ayiti (AP) — Myriam Fièvre, majistra vil Saint-Marc la di, kantite moun ki pèdi lavi yo nan yon atak tèrib gang ame te fè semèn pase a nan Pont Sondè rive nan 115.
Prezidan fransè Emmanuel Macron rankontre jodi Mèkredi 9 oktòb la ak plizyè sòlda Ikrenyen k ap antrene nan lès Lafrans.
Anpil vwa nan plizyè òganizasyon leve pou kondane pwosesis depòtasyon an mas Sendomeng declanche kont Ayisyen k ap viv lakay li.
Masak gang gran grif yo fè nan Pon Sonde kontinye pwovoke kolè popilasyon an pandan moun nan zòn-nan pa ka bliye trajedi sa-a pandan yap refijye nan kek abri.
Lapolis ayisyen ak kenyan kontinye operasyon sekirite yo lendi 7 oktòb la nan Ponsonde, apre masak terib gang Gran Grif yo te fè ki lakoz anviwon 70 moun mouri.
PONSONDE, Ayiti (AP) — Plizyè milye ayisyen ap fè fas ak yon avni ensèten apre yo te fin chape atak vyolan gang te mennen semenn pase a nan yon ti vilaj, ki te touye omwen 70 moun.
Pou mwa oktòb la, Repiblik Domininikèn gentan depòte 4944 sitwayen Ayisyen, selon medya dominiken yo.
Rezilta egzamen bakaloreya pou depatman Lwès ak Sid yo disponib. Lwès fè anpil pwogrè avèk 49% nan elèv ki t al konpoze nan egzamen yo reyisi, selon Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ki pi pibliye rezilta yo pou depatman sa week-end nan.
Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC), yon òganizasyon leta ayisyen, rekòmande Mèkredi 4 oktòb nan yon rapò ankèt pou gen pousuit jidisyè kont 3manm nan konsèy tranzisyon an pou abi pouvwa, pran lajan anba tab ak koripsyon.
Premye Minis ayisyen an, Garry Conille, tanmen yon vwayaj nan Emirats Arabe Unis ak Kenya samdi 5 oktòb pou l mande èd nan kesyon sekirite apre gang yo fè youn nan atak ki pi mòtèl nan peyi a.
Alòske anpil migran Ayisyen rankontre difilkite lè yo al lopital dèske yo pa pale an Anglè, yon klinik nan Springfied anplwaye entèprèt kreyòl pou etabli bon komikasyon ak pasyan yo e ede yo jwenn tretman pi egzat.
Thomas Bowen se yon konseye senyò nan Mezon Blanch ki te chita pale ak yon gwoup lidè Ayisyen nan Springfield vandredi 4 oktob la. Kèk patisipan revele detay ki te diskite nan rankont lan.
Load more