Accessibility links

Breaking News

Repiblik Domininikèn Depòte Plis Pase 4900 Ayisyen


Dominican Republic Haiti Violence
Dominican Republic Haiti Violence

Pou mwa oktòb la, Repiblik Domininikèn gentan depòte 4944 sitwayen Ayisyen, selon medya dominiken yo.

Anpil Ayisyen sa yo soti nan vil Santiago ak Valverde, kote polis imigrasyon mennen operasyon pou arete epi depòte Ayisyen ki pa gen papye.

Selon medya lokal yo, lapolis imigrasyon ap mennen operasyon sou tout teritwa domimiken an chak jou pou arete moun san papye.

Chak jou, otorite yo depòte plizyè santèn Ayisyen san papye sou fwontyè Dajabón nan.

Desizyon sa antre nan kad refòm nan imigrasyon prezidan Luis Abinader te anonse: depòte 10 mil Ayisyen chak semèn.

Gen yon kantite Ayisyen ki pa tann lapolis imigrasyon vin arete yo. Yo chwazi "ak pwòp volonte yo" travèse fwontyè a, san bri san kont, pou antre nan peyi yo.

Otorite yo an Ayiti, bò kote pa yo, pa met dlo nan bouch yo pou kondane " sèn brital depòtasyon" konpatriòt yo.

Pou ministè afè etranjè a, Dominique Dupuy, depòtasyon sa yo se yon "ofans kont diyite moun".

Dominique Dupuy deklare : "Politik migratwa gouvènman dominiken an vyole nòm entènasyonal sou dwa moun ansanm ak obligasyon pou respekte diyite tout moun. Nou kondane ak tout fòs nou zak sa yo k ap demounize sitwayen, e nou egzije respè ak jistis."

Premye minis Ayisyen an, Garry Conille, anonse jodi madi a, fòmasyon yon gwoup ant plizyè ministè pou kowòdone yon repons diplomatik ak imanitè.

Lapolis Nasyonal Ayiti mande pou tout Ayisyen Sendomeng voye tounen yo, pou yo pase fè deklarasyon nan Komisarya ki pi pre yo.

XS
SM
MD
LG