Accessibility links

Breaking News

Sendomeng : Plizyè Òganizasyon Leve Vwa yo pou Kondane Depòtasyon Ayisyen yo


APTOPIX Dominican Republic Election
APTOPIX Dominican Republic Election

Anpil vwa nan plizyè òganizasyon leve pou kondane pwosesis depòtasyon an mas Sendomeng declanche kont Ayisyen k ap viv lakay li.

Nan espas 4 jou, Sendomeng pimpe Ayiti plis pass 2700 migran, ladan yo ti moun ak plizyè moun ki potko janm met pye yo Ayiti.

Pou Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) depòtasyon Ayisyen yo se yon vyolasyon fondamental dwa migran yo.

Pou Gandi Thomas, ki se reprezantan Ayiti nan OEA, depòte 10 mil Ayisyen chak semèn se yon bagay ki twouban.

Diplomat la pwofite mande ak komisyon entèameriken dwa moun pou foure je gade sitiyason migran ayisyen yo nan Sendomeng.

Pou Sèvis Jeswit migran yo (SJM), sa Sendomeng ap fè la, se yon mank dega pou diyite moun.

Òganizasyon an denonse kondisyon y ap depòte Ayisyen yo. "Lote yo tankou machandiz nan kamyon pou voye yo Ayiti"

SJM di otorite yo pa trete Ayisyen yo tankou kretyen vivan. Òganizasyon an mande pou dirijan 2 peyi yo pou jwenn yon akò.

Bò kote pa l, Gwoup kap bay Sipò ak Rapatriye e Refijye yo (GARR) fè konnen depòte 10 mil Ayisyen chak semèn se yon bagay egzajere e "Hallucinant".

GARR fè konnen bagay yo mangonmen nan Belladère kote anpil moun Sendomeng voye tounen yo ye.

GARR ekri sou X: "Nan sant nou nan Belladère, nou santi nou about ak sitiyasyon an. N ap mande yon pote kole pou m pote èd ak moun yo voye tounen yo"

XS
SM
MD
LG