Accessibility links

Breaking News

Lapolis Ayisyen ak Kenya Kontinye Operasyon Nan Ponsonde Apre Masak Gang


HAITI-VIOLENCE/
HAITI-VIOLENCE/

Lapolis ayisyen ak kenyan kontinye operasyon sekirite yo lendi 7 oktòb la nan Ponsonde, apre masak terib gang Gran Grif yo te fè ki lakoz anviwon 70 moun mouri.

Ofisye ki baze nan komisarya Ponsonde ap kowòdone operasyon e kontwole sitiyasyon sekirite nan zòn nan pou retabli lòd epi konbat vyolans gang yo.

Pandan efò sa yo ap pwogrese, lavi nan Ponsonde ap retounen nan nòmal.

Sepandan, klima tansyon rete vizib, abitan yo ap viv ak lapèrèz yon lòt atak.

Manm gang ki gen nan men yo zam fann fwa lou atake Ponsonde jedi 3 oktòb la, kote yo te touye omwen 70 moun epi fòse 6,270 moun kite kay yo akòz atak yo, dapre sa ajans Nasyonzini te rapòte.

XS
SM
MD
LG