Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Plizyè Milye Moun ki Chape nan Atak Gang ki Lakoz Lanmò 70 Moun, Kounye a ap Fè Fas ak Yon Avni Ensèten


HAITI-VIOLENCE/
HAITI-VIOLENCE/

PONSONDE, Ayiti (AP) — Plizyè milye ayisyen ap fè fas ak yon avni ensèten apre yo te fin chape atak vyolan gang te mennen semenn pase a nan yon ti vilaj, ki te touye omwen 70 moun.

Plis pase 6,000 reskape te kouri kite Ponsonde, rejyon ki sitiye nan sant peyi Dayiti, kote gang ame te fè masak nan echèl ke zòn nan te janm konnen.

Anpil moun te jwenn abri tanporè ak fanmi, men plizyè santèn pa gen okenn kote yo ale.

Yo vin grandilis plis pase 700,000 moun ki te deja san kay nan dènye ane yo akòz vyolans gang atravè Ayiti.

Yo te lonje dwèt sou gang Gran Grif, ki gen chèf li ki anba sanksyon Etazini, nan atak sa a.

XS
SM
MD
LG