Kesyon kat Demalòg te nan mitan yon rankont nan Anbasad Ayiti nan vil Pari nan peyi Lafrans.
Yon fanm ansent pèdi lavi l nan atak gwoup nèg ak zam yo fè sou katye Solino, daprè yon bilan pwoteksyon sivil mete deyò.
Nèg ak zam, moun pa rive idantifye, simen katouch, lendi 22 oktòb la, sou lekòl "Presbytérale Congregationaliste" nan komin Lestè, ki twouve l nan depataman Latibonit.
Jounalis Ayisyen, Luckenson Jean, k ap travay pou ajans AFP, nomine pou pri Rory Peck Video. Se ajans fransè a ki fè anons lan jodi lendi 21 oktòb 2024 la.
Plis pase 4200 moun kouri kite kay yo akoz atak gwoup nèg ak zam fè nan plizyè katye nan Pòtoprens, dapre yon kominike Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) pibliye lendi 21 oktòb 2024 la.
Plis pase 41% moun k ap viv an Ayiti yo ap viv nan yon mizè ki rèd anpil.
Asosyasyon Haitian Studies ôganize 36èm edisyon konferans anyèl li nan Brooklyn, New York. Jounalis Glorieuse Nelson di nou aktivite yo te santre sou tit: Tout Moun se Moun
Otorite santral yo komemore 218èm anivèsè asasina Jean Jacques Dessalines Jedi 17 Oktôb la.
Minis Afe Etranje Ayisyen an, Dominique Dupuy di VOA Ayiti antann ni ak peyi Salvado pou peyi sa a vinn ede MSS la nan lit kont gang ame yo. Minis Dupuy di kolaborasyon Salvado se yon gwo bourad pou Ayiti akoz sikse peyi sa a jwenn nan lit pa li kont gang ame yo.
Pòtoprens leve anba katouch jodi 17 oktòb 2024 la, yon dat ki make 218 anivèsè lanmò papa nasyon an, Jean Jacques Dessalines.
Load more