Accessibility links

Breaking News

Ministè Jistis Ayiti Lanse Avètisman pou Ogmante Sekirite PM Conille ak Manm Kabinè li


Solda fe patwouy pandan bal ap chante nan Potoprens, Ayiti, 17 Oktob, 2024.
Solda fe patwouy pandan bal ap chante nan Potoprens, Ayiti, 17 Oktob, 2024.

Ministè Jistis peyi d Ayiti lanse apèl pou ogmante sekirite pou Premye Minis Garry Conille ak lot manm Kabinè li pou reponn menas li pa presize ki di yo takapab sible yo.

Ministè a pa bay detay eksepte pou di li gen enfomasyon "koweran ak pèsistan" ke endividi taka sible responsab wo plase peyi a pou simen "la twoublay ak panik".

Ministè a mande lapolis ak otorite jidisyè yo pou "pran mezi apwopriye" pou garanti sekirite responsab sa yo.

Ni otorite jidisyè yo ni biwo premye minis la pat reponn demann Associated Press fè pou komantè.

XS
SM
MD
LG