Accessibility links

Breaking News

Yon Jounalis Ayisyen Nomine pou Pri Rory Peck Video


 Luckenson Jean
Luckenson Jean

Jounalis Ayisyen, Luckenson Jean, k ap travay pou ajans AFP, nomine pou pri Rory Peck Video. Se ajans fransè a ki fè anons lan jodi lendi 21 oktòb 2024 la.

Jounalis la nan yon ti pale ak VOA te di "Pri sa ap rekonpanse ansanm travay mwen fè pandan kriz an Ayiti"

Jounalis ki fè Videyo, travay sou plizyè sijè tankou moun k ap viv nan kan, akoz pwoblèm gang yo nan Pòtoprens

Luckenson Jean, li menm tou, pa epanye pa sitiyasyon ensekirite a an Ayiti. Jounalis la, li menm tou, te nan kouri akoz nèg ak zam te anvayi katye kote l ap viv

Daprè, AFP, journalis la te oblije relokalize l pou l al abrite kay zanmi.

Sepandan, sitiyason sa pat dekouraje videyograf la, ki te kontinye ap travay pou jwenn imaj pou montre pwoblèm ensekirite a nan peyi a.

Luckenson Jean "wè travay li kòm yon terapi" fas ak sitiyasyon ensekirite a k ap vale teren an Ayiti.

Jounalis la ki fèt nan vil Jacmel ap konnen 28 novanm pwochen si se li ki ranpòte pri Rory Peck Video a.

Seremoni pou bay pri a ap fèt nan vil Londres, kapital peyi Angleterre.

XS
SM
MD
LG