Videyo k ap sikile sou rezo yo montre gwo kout zam k ap chante nan komin nan, kote plizyè moun ap kouri kite zòn nan.
Pap François akeyi prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon Ayiti a, Leslie Voltaire, samdi 25 janvye 2025 la nan Vatikan.
Plizyè inite espesyalize nan lapolis Nasyonal Ayiti deplwaye nan komin Kenskòf pou kwape gwoup nèg ak zam k ap simen latwoublay nan komin nan.
Lapolis Nasyonal Ayiti anonse yo mete anba kòd sitwayen Venel Calixe "pou enplikasyon l nan plizyè zak malonèt" sou popilasyon an.
Oganizasyon Imanite Lasante Medecins Sans Frontieres, MSF, fe konnen li relouvri sant dijans li tap opere nan katye Turgeau an Ayiti.
"Lapolis ap rive Savyen pa twò lontan": se ak pawòl sa yo pòt-pawòl direktè depatmantal Polis nan Latibonit la, Feker Casséus, pwomèt popilasyon an yap kontinye mennen operasyon pou kwape gang Savyen an.
Inite kontwòl imigrasyon peyi Bahamas anonse, ayè madi a, yo arete 27 migran ayisyen ki ilegal sou teritwa yo.
Sitiyasyon an mangonmen ann Ayiti akoz vag vyolans ki plonje peyi a nan yon kriz sosyal, politik ak ekonomik moun pat janm wè avan sa, selon òganizasyon imanitè Caritas Haiti.
Gouvènman an anonse li jwenn yon akò ak sendika pwofesè yo pou mete fen nan grèv pwofesè lekòl leta yo.
Odyans ki tap fèt pou tande kolonbyen yo ki swadizan enplike nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse la repòte pou yon lòt dat. Pakè Pòtoprens te plen pou tande avoka kolonbyen yo ak lòt aktè ki ta gen men yo tranpe nan asasinay ansyen prezidan Jovenel Moïse.
Kanaval nasyonal Ayiti a ap fèt ane saa nan vil Fò Libète, selon sa ministè Kilti ak Kominikasyon pataje sou paj Facebook li, samdi 18 janvye 2025 la.
Otorite zile Turk & Caicos anonse, ayè dimanch la, yo arete prèske 150 migran ayisyen san papye ki t ap tante antre sou teritwa yo, e y ap prepare pou voye gwoup Ayisyen sa yo tounen nan peyi yo.
Plizyè bandi ki fè pati gang gran grif ak chèf gang Andris Altidor, Alyas Ti rat, tonbe, pandan weekend pase a, nan boukantay kout zam ak lapolis. Se sèvis kominikasyon Lapolis Nasyonal Ayiti ki anonse nouvèl la.
Pou 15 premye jou nan ane 2025 lan, Repiblik Domininikèn depòte plis pase 14,600 Ayisyen selon yon bilan direksyon jeneral Migrasyon dominiken.
Load more