Accessibility links

Lapolis Mete Anba Kòd Venel Calixe pou "Plizyè Zak Malonèt"
Breaking News

Lapolis Mete Anba Kòd Venel Calixe pou "Plizyè Zak Malonèt"

Lapolis Nasyonal Ayiti anonse yo mete anba kòd sitwayen Venel Calixe "pou enplikasyon l nan plizyè zak malonèt" sou popilasyon an.

Venel Calixte, ki gen 56 lane, jwen arestasyon l kèk jou apre li te fin brake yon sitwayen nan lari a. Viktim nan te blese bò tèt ak yon katouch.

Nan pale ak lapolis, Calixte ki gen 6 timoun, avwe li patisipe nan 4 brakaj avèk akolit li yo

Selon lapolis, Venel Calixe se yon moun ki sove nan prizon. Akize a te nan prizon pou zak asasinay kont yon fanm.

Pou kounya, Calixe fè fas ak akizasyon, asasinay, vòl machin, pote zam ilegal elatriye

XS
SM
MD
LG