Accessibility links

Breaking News

Imigrasyon Bahamas Arete 27 Migran Ayisyen


Kapiten Gad Kot Jo-Ann F. Burdian bay detay sou operasyon pou chache 38 migran ki disparet yo pandan yon konferans pou lapres, Mekredi 26 Janvye, 2022.
Kapiten Gad Kot Jo-Ann F. Burdian bay detay sou operasyon pou chache 38 migran ki disparet yo pandan yon konferans pou lapres, Mekredi 26 Janvye, 2022.

Inite kontwòl imigrasyon peyi Bahamas anonse, ayè madi a, yo arete 27 migran ayisyen ki ilegal sou teritwa yo.

Imigrasyon Bahamas di l mennen yon gwo operasyon sou 2 jou pou rive mete men sou gwoup migran ayisyen sa yo.

Nan yon premye tan, otorite yo te arete yon gwoup 21 Ayisyen (15 gason ak 6 fanm). Nan yon 2èm tan, yo te arete yon lòt gwoup 6 migran Ayisyen.

Inite kontwòl imigrasyon Bahamas deklare : "operasyon sa yo montre detèminasyon nou pou n pwoteje fwontyè nou yo epi garanti tout moun respekte lwa imigrasyon nou yo".

Yo akize 27 sitwayen ayisyen sa yo pou antre ilegal ak pwolongasyon pèmi sejou yo.

N ap fè sonje, pandan weekend ki sot pase a, peyi Türk & Caicos te entèsepte anviwon 150 migran ayisyen san papye ki tap tante antre sou teritwa li.

XS
SM
MD
LG